Nòdwès: Collège Notre Dame De Lourdes (CNDL) pral boukle 63 rekòt nan fòme sitwayen konpetan, onèt, e otantik

0 590

Pòdpè__(TRiboLAND) 11 Fev 2020 sa a kap vini la, Collège Notre Dame De Lourdes (CNDL) nan Pòdpè, ap pare pou selebwe 63 lanne egzistans li. Selebwasyon sa a toujou gen anpil enpòtans pou fanmiy CNDL la ki se youn nan pi gwo Enstitisyon Eskolè atravè peyi an selon estatistik yo puiske se nan peryòd sa a elèv yo toujou òganize Eleksyon Jeneral pou rive Eli yon Pwezidan Jeneral. Eli sa ap gen pou reprezante yo anndan Enstitisyon Eskolè sa a ki gen ladan l pils pase 1600 elèv san konte Pèsonèl Enseyan an ak Ti Pèsonèl la.

Révérend Père Ricardo Dieujuste, Direktè CNDL


Konsa, TRIBOLAND te gen chans rankontre ak nouvo Direktè a, Révérend Père Ricardo Dieujuste (RPRD), yon pwèt Dyosezen, ansyen elèv CNDL ki pral pataje kèk enfòmasyon ak odyans TRiboLAND yo nan kad Pweparasyon Selebwasyon 63 lanne egzistans Collège Notre Dame De Lourdes (CNDL).

TRiboLAND_ Direktè, Oditè TRiboLAND yo ansanm ak paran, zanmi, pwofesè, elèv, ansyen elèv ta byen renmen konnen sa kap fèt nan kad pweparasyon pou selebwe ane sa a Fèt Notre Dame De Lourdes ki se Patwòn Collège Notre Dame De Lourdes (CNDL), yon kolèj kap feraye atravè Depatman Nòdwès la depi 63 lanne, èske w kapab pwezante w bay odyans TRiboLAND lan?

RPRD_ Pou kòmanse, mwen vle salwe tout paran, pwofesè, zanmi, elèv, ansyen elèv CNDL yo, fanmiy TRiboLAND lan, TRiboLAND an patikilye pou opòtinite sa a l ban mwen an. Mwen se Ricardo Dieujuste, moun Pòdpè, yon Pwèt Katolik nan Dyosèz Pòdpè a.

TRiboLAND_ 11 Fev. 2020, se Fèt Collège Notre Dame De Lourdes, Kisa sa di pou ou menm kòm direktè CNDL?

RPRD_ 11 Fev 2020, fèt Notre Dame De Lourdes, se yon dat memorab pou tout kretyen Katolik nan lemonn antye … Dat sa a, li te toujou make m lè m te elèv CNDL…. Li make m pi plis kòm Pè e li gen anpil enpòtans pou mwen plis kòm Direktè CNDL. Li vle di anpil bagay pou mwen. Men Dat saa ede m konprann ki enpòtans Edikasyon genyen nan yon peyi tankou Ayiti, espesyalman nan Pòdpè. Yon santiman fyète tou anvayi m kòm Direktè youn nan pi gwo Kolèj Katolik (Congreganis) nan peyi Dayiti.

TRiboLAND_ Kòman n prevwa selebre jounen 11 Fev. 2020 an, 63 lanne CNDL la, avan, pandan, e apwè?

RPRD_ 63 lanne depi Collège Notre Dame De Lourdes ap bay bonjan Edikasyon nan Nòdwès. Mwen salwe tout moun alawonnbadè ki te travay e k ap travay ankò jounen jodi a yon fason pou CNDL toujou rete sa liye a: “Toujours Plus Haut, La grande Famille, La Référence” etc…

1) Avan Fèt la: Nou òganize, malgre problèm peyi an ap fè fas jounen jodi a, plizyè aktivite. Youn nan pi gwo aktivite sa yo se Eleksyon pou rive Chwazi yon Prezidan Jeneral pou CNDL.

2) Pandan: Jou fèt la menm, yon gwo mès Aksyon de Gras ap Chante nan Katedral Pòdpè a, bò 9h AM, pou make 63 lanne kote apwè lamès la, yon kokenn chenn Fèt pral reyini tout elèv Kolèj la ansanm pou yon divètisman ki pa rete ak divètisman.

3) Apwè: Pandan tout rès ane a, CNDL ap toujou reflechi sou devwa li, enpòtans li nan kominote Pòdpè a pandan 63 lanne sa a. Answit, lespri fèt la ap toujou kontinye jous nan “JEUX CNDL yo,” nan mwa Jwen kap vini la, yon anbyans anyèl san parèy ki atire atansyon tout kouch moun.

TRiboLAND _ Antan ke nouvo direktè CNDL, èske se yon tach ki vrèman difisil pou dirije yon Enstitisyon tankou CNDL ki loje plis pase 1600 elèv?

RPRD_ Se pa kantite elèv yo ki rann tach la difisil, men se sitou enplemantasyon pedagojik yo, akonpayman pwofesè yo, akonpayman paran yo epi elèv yo ki rann tach la difisil…Pandan sistèm Edikatif la ap degrengole, ebyen travay pou kenbe flanbo a se li ki pi difisil. Sa nou konnen tou, pa gen ankenn responsabilite ki janm fasil.

TRiboLAND _ ki dènye mesaj ou genyen pou CNDL, elèv yo an patikilye?

RPRD_ Se pou Collège Notre Dame De Lourdes (CNDL) toujou travay pou bay sitwayen onèt, kretyen otantik nan mond lan. Pou elèv yo menm, mwen vle di yo: Menmsi yo pa ka byen manje, byen abiye, rete nan bèl kay, se pou yo toujou etidye paske Edikasyon se nouvo non “AVNI ak PWOGRÈ.”

Révérend Père Ricardo Dieujuste (RPRD), TRiboLAND swete ni ou menm, paran, elèv, pwofesè, zanmi, ansyen elèv, pèsonèl ak ti pèsonèl CNDL yo san n pa bliye Kretyen Katolik nan Peyi Dayiti, patikilyèman Kretyen Katolik nan Kominn Chansolme kap selebwe egalman Sent Patwon yo Notre Dame De Lourdes ” BONNE FÊTE.”

Saint Jean Wiskis/ TRiboLAND

Leave A Reply