Yves Jean Bart alyas “Dadou” re-eli pou yon 6èm fwa nan tèt Federasyon Ayisyènn Foutbòl (FHF)

0 520

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò Yves Jean Bart alyas “Dadou” arive benefisye akò 20/20 votan yo ki pran l ankò kòm yon “Vladimir Putin” ki erije l an pwezidan avi pou Federasyon Nasyonal Foutbòl.

Dadou, ki se “Doudou votan yo nan eleksyon yè Dimanch 2 Fevwiye 2020 an se yon mèyè ekzanp ki pwouve nan ki pwen egosantrik endividi ayisyen rive lè li nan yon pòs. Trè souvan yo pa kreye pepinyè ki pou ranplase yo yon fason pou demere etènèlman.

Sa fè 2 deseni depwi ke kwonikè espòtif la nan tèt FHF ap oryante espò nasyonal Ayiti a. Konsa, yon parèy releksyon pwouve vwèman a ki pwen enstitisyon yo pwivatize e kèk bagay pa mache byen nan system ki mande chanje a; a mwens ke ekip FHF ki fè sanble ke se sèl Dadou ki ka jwe wòl sa gen plan pou kenbe li nan pòs sa pou plis ke 30 lane, menm jan ak rejim Duvalier a.

Dadou pran yon lòt manda 4 lane nan yon pòs avi e rasi ki rele l chèmèt chèmètrès.

Leave A Reply