Peyi Lachinn konstwi yon lopital nan yon entèval 10 jou

0 687

Wuhan/Lachinn___(TRiboLAND) Tankou jan yo te fè li nan ane 2003 kont epidemi SRAS la ki tap taye banda nan peyi Lachinn, gouvènman chinwa a kraze jodi Lendi 3 Fevwiye 2020 an yon defi enkwayab li te bay tèt li pou mete sou pye yon lopital nan yon tan rekò ki kapab reponn ak egzijans epidemi coronavirus la ki pa sispann pwopaje ak vitès atravè yon trantènn peyi.

Lopital la ki pote non Huoshenshan, “die dife” ki se yon strikti pwefabwike ki chita sou 25,000 m2 kote  ke travay debleyaj yo te kòmanse Vandredi ki te 24 Janvye 2020 nan vil Wuhan ki konte plis pase 11 milyon moun ki koulya an karantènn. Travayè chinwa tout kalite te oblije travay jou e nwit.

Dapwè Zhang Siming ki se direktè nouvo lopital la, strikti a deja operasyonèl e yo genyen yon kapasite pou 1400 manm nan kò medikal la ak yon disponiblite 1000 kabann pou inikman malad viktim coronavirus yo.

Sepandan, pwopagasyon coronavirus la ap vale teren. Ekspè sante yo nan peyi Lachinn deja anrejistre 362 moun ki mouri ak nemoni viral la e 17, 200 enfekte. Epidemyolojis yo pwevwa ke chif yo pral bay plis kè sere nan 10 pwochen jou kap vini yo. Dayè, yo konte fini ak konstwiksyon yon lòt nouvo lopital nan menm semènn sa.

Leave A Reply