RANSON AN Rasin Mizè Ayiti : Reparasyon yo bay Mèt Esklav yo

4,625

THE NEW YORK TIMES

Par Catherine PorterConstant MéheutMatt Apuzzo et Selam GebrekidanPublication 20 mai 2022Mise à jour 21 mai 2022 Lire en Anglais

DONDON, Ayiti — Adrienne Present rantre nan yon ti rakbwa sou kote lakay li epi l kòmanse keyi kafe k ap mi sou pye kafe l yo, grenn kafe yo klere tankou kèk grenn mab wouj nan men li.

Rekòt kafe a kòmanse.

Chak maten, li limen yon dife chabon atè anndan kay li nan fènwa a. Kouran po ko janm met pye nan zòn bò lakay li nan nò peyi d Ayiti.

Li mete yon veso dlo sou dife a, yon dlo l sot pran nan sous ki tou pre a, yon dlo sous ki anba pye yon mòn k ap ponpe dlo sou tè yon kiltivatè. Li mete poud kafe a nan dlo a, yon kafe li fin seche, li vannen l, li griye l epi li pile l nan yon gwo pilon, jan yo te montre l sa lè l te piti.

Kafe jwe yon wòl enpòtan nan lavi moun depi prèske twa syèk, depi lè esklav yo te fè premye jaden kafe pou fransè yo nan mòn yo. Nan epòk sa a, peyi a pa t rele Ayiti, yo te rele l Sen Domeng – pi gwo pwodiktè kafe ak sik yo itilize nan kizin Pari ak nan ti restoran ki te konn sèvi kafe Hamburg. Koloni an te fè anpil fanmi fransè vin trè rich. Dapre kèk istoryen, se peyi ki te pi brital tou sou latè.

Zansèt madan Present yo fini ak sa, yo te patisipe nan premye revolisyon esklav ki fèt nan tan modèn an 1791 epi yo kreye yon nasyon endepandan an 1804 — plizyè dizèn ane anvan Angletè te deklare esklavaj ilegal oubyen anvan Gè Sivil la te kòmanse nan peyi Etazini.

Men pandan plizyè jenerasyon apre endepandans lan, yo te fòse ayisyen peye pitit pitit mèt esklav yo, pami yo madanm Anperè Brezil la; bofis Nicolas I, Anperè Larisi a; dènye Chanselye Enperyal Almay la; ak Gaston de Galliffet, jeneral fransè yo te konnen tankou “Bouche Komin nan” poutèt li te kraze yon rebelyon Pari an 1871.

Fado sa a kontinye san pwoblèm jis nan 20tyèm syèk la. Richès zansèt Madan Present te kapte depi o kòmansman te pote anpil benefis pou yon bank fransè ki te ede finanse Tou Efèl, Crédit Industriel et Commercial a Pari, ak envestisè li yo. Yo te gen kontwòl trezò Ayiti depi Pari pandan plizyè dizèn ane, epi finalman, bank lan vin fè pati yon pi gwo enstitisyon finansyè ann Ewòp.

Bank ki te benefisye plis sou lajan yo te prete Ayiti an 1875 se Credit Industriel et Commercial, yon enstitisyon fransè ki te ede finanse Tou Efèl la.
Bank ki te benefisye plis sou lajan yo te prete Ayiti an 1875  se Credit Industriel et Commercial,  yon enstitisyon fransè ki te ede finanse Tou Efèl la.Credit…Agence France-Presse — Getty Images

Richès Ayiti yo te atire Wall Street tou, sa te rapòte konpayi ki te vin tounen Citigroup apre a anpil lajan. Konpayi sa a fòse Fransè yo ale epi sa ede ameriken vin pran kontwòl Ayiti – youn nan okipasyon militè ki pi long nan istwa peyi Etazini.

Malgre sa majorite plantè kafe ki nan pòsyon tè Madan Present yo ann Ayiti pa janm gen ni dlo tiyo lakay yo ni fòs septik. Yo gen latrin pa dèyè kay yo epi yo kuit diri ak pwa yo – sou twa wòch dife. Yo pote rekòt kafe yo ale sou do ti chwal mèg yo sele ak pay kokoye ak brid ki fèt ak kòd, oswa yo pote kafe a sou tèt yo, a pye, byen lwen sou wout tè.

Anpil moun, tankou, Jean Pierrelus Valcin, mari Madan Present, pa konn li, paske “yo pa t janm chita sou ban lekòl,” jan moun konn di. Tou le sis pitit koup la kòmanse lekòl, men youn pa janm fini poutèt jan lekòl te chè ann Ayiti, kote majorite lekòl yo se lekòl prive paske peyi a pa janm devlope plis pase yon ti sistèm lekòl leta.

Mesye Valcin ki wè mwens de jou an jou men ki pa gen ase lajan pou l al kay yon espesyalis, di: “Pa gen anyen nan peyi sa a. Fòk pitit nou kite peyi sa a pou yo jwenn travay.”

Li sèvi ak yon mo ou tande souvan ann Ayiti: mizè. Plis pase povrete, mo a vle di detrès.

Vyolans. Trajedi. Grangou. Soudevlopman. Mo sa yo kole sou do Ayiti depi plis pase 100 lane. Kidnapin. Epidemi. Tranblemanntè. Yo asasinen prezidan an, fwa sa a nan kabann lakay li.

Anpil moun ap mande kouman sa fè posib, pou Ayiti pataje yon zile ak Repiblik Dominikèn ki gen yon sistèm tren ki pase anba tè, asirans maladi, lekòl leta, otèl k ap byen mache epi bon jan peryòd devlopman ekonomik?

Repons yo abitye bay se koripsyon, ak bon rezon pou sa: dapre listwa, lidè peyi d Ayiti piye peyi a pou yo plen pòch yo, palmantè monte nan radyo pou yo di jan yo asepte lajan pa anba epi yon ti ponyen moun kontwole tout aktivite ekonomik, pandan y ap peye yon ti pousyè taks. Transparency International klase peyi a pami nasyon ki pi konwonpi nan lemonn.

Men se raman yo pale de yon lòt istwa oubyen yo rekonèt yon lòt istwa: Premye gwoup moun nan mond modèn nan ki libere tèt li anba esklavaj epi ki kreye peyi pa li epi yo fòse l peye pou endepandans li ankò, ak lajan kach.

Baron de Mackau
Baron de MackauCredit…Cannaday Chapman

Ayisyen te gen anpil rezon pou sa te enkyete yo. Apeprè 2o an avan sa, Napoleon te eseye detui yo, lè l te voye pi gwo espedisyon bato lagè Lafrans janm deplase, ak bòfrè li alatèt. Ayisyen yo genyen batay la epi yo deklare endepandans yo. Napoleon pèdi plis sòlda pase valè li te pèdi Waterloo epi li bay legen.

Men kolon fransè rich yo te kontinye bay presyon pou yo reprann teritwa a, epi yo jwenn yon lòt moun pou koute yo lè monachi Bourbon an pran pouvwa a. Yon minis lamarin, yon ansyen kolon ki te an favè esklavaj, te menm ekri yon nouvo plan pou retounen mete Ayisyen nan esklavaj ankò oswa “kraze zo yo” pandan l toujou gen yon pi gwo lame.

Ayiti pa te ka espere okenn lòt peyi ta vin ede l defann tèt li. Tout lòt gran peyi yo te vire do bay Ayiti, yo te refize rekonèt endepandans li. Lejislatè ameriken yo sitou pa t vle pou esklav peyi yo suiv egzanp Ayiti ki libere tèt li epi pou yo revòlte.

Poutèt sa, Prezidan Ayiti a, ki te vle fè komès ak lòt peyi epi pou l asire rekonesans lòt peyi anvè Ayiti, te asepte demann peyi Lafrans yo. Ak sa, Ayiti vin tabli yon lòt presedan: Li tounen premye peyi epi sèl peyi kote desandan esklav peye desandan mèt yo reparasyon — pandan plizyè jenerasyon.

Souvan yo rele sa “dèt endepandans lan.” Men se yon pawòl kwochi. Se te yon ranson.

Montan an te depase ti mwayen Ayiti te genyen. Menm premye pèman an te sis fwa lavalè sa gouvènman an te rantre nan kès li ane a, dapre resi ofisyèl Beaubrun Ardouin, yon istoryen ayisyen 19yèm syèk rasanble.

Men se te lide a sa, yon pati nan plan an. Wa fransè a te bay Bawon an yon dezyèm misyon: asire li ansyen koloni a prete lajan nan men kèk nouvo bank fransè pou l fè pèman yo.

Yo te vin konn sa kòm “doub dèt” Ayiti a — ranson an ak lajan prete pou peye li — tranzaksyon sa yo te gwo kòb ki ranfòse sistèm bank entènasyonal Parizyen an ki te fèb epi sa asire premye pa Ayiti sou wout povrete ak soudevlopman. Dapre dosye Ardouin yo, komisyon yo te peye bankye yo sèlman te depase valè lajan gouvènman ayisyen te rantre ane a.

Epi sa se te twokèt la. Doub dèt sa a te pouse Ayiti antre nan yon seri dèt ki fè peyi a mache bwete pandan plis pase 100 lane, nan souse tout lajan Ayiti rantre nan anpeche l devlope enstitisyon ak baz òganizasyon ki esansyèl nan yon nasyon endepandan. Plizyè jenerasyon apre sa ki te pase anba esklavaj epi ki te revòlte pou kreye premye nasyon moun Nwa ki lib ann Amerik la, pitit yo te oblije al travay, anpil fwa pou ti monnen oswa pou granmesi, pou lòt moun, pou Fransè yo premyèman, apre sa pou Ameriken, epi pou diktatè pa yo.

De san zan apre bato lagè fransè te tire kèk kout kanno nan pò Pòtoprens lan pou selebre dèt la, bri kout kanno sa yo toujou ap kònnen nan bidonvil li yo, nan lopital vid li yo, sou move wout li yo ak nan vant vid pèp li a, menm nan pwovens peyi a yo te konsidere kòm kote ki rapòte plis lajan epi ki te pwodui plis nan lemonn.

Pandan vonvon ap chante nan jaden kafe Cedieu Joseph nan Dondon, yon vil nan Nò peyi d Ayiti kote Madan Present rete, di: “Se te yon peyi pòv yo te toujou ap fè vin pi pòv apre 300 an esplwatasyon.” L ap jere yon koperativ ki pote non yon revolisyonè ayisyen ki soti nan zòn nan, epi li rele swadizan dèt endepandans lan yon fwèt modèn, Lafrans kenbe nan men l pou l pini ansyen koloni li a poutèt peyi sa a te vle endepandans li, epi li genyen endepandans li.

Li di: “Esklav yo te goumen pou endepandans nou. Fè yo peye pou endepandans sa a ankò, se yon pyèj pou òganize yon lòt kalite esklavaj.”

Depi lè sa a, sa yo rele doub dèt la fonn nan listwa. Anpil fwa Lafrans pa pran afè doub dèt la pou anyen, li defòme koze a, oubyen li pa mansyone sa ditou. Kèk grenn istoryen sèlman analize pwen sa a an pwofondè. Kèk istoryen di: pa gen okenn kontwòl detaye ki janm fèt pou montre konbyen Ayisyen yo te peye toutbon. Menm ann Ayiti, deba kontinye fèt jiska prezan sou efè dèt la fè sou ekonomi peyi a, sou devlopman li ak sou avni politik li.

New York Times fè plizyè mwa ap fouye nan plizyè mil paj dokiman orijinal, dokiman gouvènman, kèk ladan yo gen plizyè syèk epi se raman istoryen etidye yo, si yo janm etidye yo. Nou fè rechèch nan plizyè bibliyotèk ak achiv ann Ayiti, an Frans, ak Etazini pou nou analize kesyon doub dèt la ak enpak li sou Ayiti nan domèn finans ak politik.

Plantè kafe k ap pote rekòt yo kay Vincent Oge; yon koperativ Dondon.
Plantè kafe k ap pote rekòt yo kay Vincent Oge; yon koperativ Dondon.Credit…Federico Rios pou The New York Times

Gran istoryen yo di se premye fwa sa fèt, nou kalkile kantite lajan ayisyen peye fanmi ansyen kolon yo, bank fransè yo, ak envestisè ki te fè Ayiti premye prè yo, nou pa kalkile lajan pèman yo te bay gouvènman fransè a ofisyèlman sèlman sou doub dèt sa a, nou kontwole valè enterè ak frè yo peye pou reta pandan plizyè dizèn ane tou.

Nou dekouvri Ayisyen peye $560 milyon dola kon sa dapre valè lajan an jodi a. Men sa pa montre vrè pèt Ayiti fè a. Si lajan sa a te rete nan ekonomi Ayiti a epi li t ap grandi ak menm vitès kwasans aktyèl ekonomi peyi a pandan 2 dènye syèk yo olye yo te voye lajan sa a bay Lafrans, san yo pa jwenn okenn machandiz ni sèvis an retou, lajan sa a t ap ajoute yon montan estwòdinè $21 milya dola ann Ayiti nan tan ki pase a, menm lè konte koripsyon ak gaspiyaj tout tande pale de yo a.

Pou ba w yon lide, kantite lajan sa a pi plis pase tout ekonomi peyi d Ayiti a an 2020.

Nou pataje dekouvèt nou fè yo ak 15 gran ekonomis epi ak kèk istoryen finansye ki etidye ekonomi peyi ki sou wout devlopman yo ak jan dèt leta aji sou devlopman yo. Yo tout, esepte youn, te dakò ak estimasyon $21 milya dola a, yo di estimasyon sa a posib oswa chif la ba. Kèk sijere lòt mwayen pou nou fè kalkil yo, ki plis montre pèt alontèm nan pi plis toujou pou Ayiti.

Rezon an senp: si yo pa t bay ansyen moun ki te gen esklav yo lajan sa a, lajan an pa t ap rete nan men plantè kafe, nan men lesivyè, nan men bòs mason ak lòt moun ki travay pou li. Yo t ap depanse lajan sa yo nan magazen, nan peye lekòl oubyen swen sante. Sa t ap ede biznis yo devlope, oswa kreye nouvo biznis. Yon pati nan lajan an ta pral jwenn gouvènman an, petèt pou fè pon, tourego ak sistèm distribisyon dlo.

Kalite depans sa a bay rannman apre yon sèten tan, li pouse devlopman ekonomik peyi a. Sa enposib pou nou sèten sa ekonomi peyi d Ayiti ta sanble kounye a, epi dapre listwa otorite k ap dirije pou sèvi tèt yo, kèk istoryen di kiltivatè ki nan nesesite nan zòn tankou Dondon pa t ap janm nan lis priyorite yo.

Men plizyè lòt di san fado doub dèt sa a, Ayiti ta kapab gen menm nivo devlopman ak lòt peyi tankou l nan Amerik Latin nan. Victor Bulmer-Thomas, yon istoryen ki etidye devlopman ekonomik rejyon an, li di “Pa gen oken rezon si Ayiti pa t gen fado Lafrans lan sou do l pou l pa ta rive fè sa.” André A. Hofman, yon espè sou devlopman ekonomik ann Amerik Latin, li menm tou li di kalkil sa a “trè rezonab.”

Nan ka sa a, pèt Ayiti fè a grav anpil: se $115 milya dola kon sa apre yon sèten tan, oubyen 8 fwa gwosè ekonomi peyi a an 2020.

Pou n di sa yon lòt jan, si yo pa t fòse Ayiti peye ansyen mèt esklav li yo, dapre estimasyon yon ekip espesyalis entènasyonal sa pa fè lontan, valè lajan moun nan peyi a t ap fè an 2018 te kab prèske sis fwa plis, apeprè menm valè ak Repiblik Dominikèn, peyi vwazen an.

Yo rele fado sa a yo mete sou do Ayiti a “pi move dèt yo janm mete sou do yon peyi endepandan nan listwa.”

Jounal Times kalkile efè doub dèt la sèlman, reparasyon yo bay kolon yo ak lajan Ayiti te prete o kòmansman pou l peye kolon yo. Men pwoblèm Ayiti pa t fini la sèlman.

Dèt la ede deklannche tout yon seri dekalaj, defisi nan bidjè peyi a epi gwo lajan peyi a prete nan men peyi etranje ki bay peyi a fòm li genyen an jis nan 20tyèm syèk la ak aprè.

Malgre Ayiti fè dènye pèman bay ansyen mèt esklav li yo an 1888, dèt la te la toujou: pou Ayiti fin peye dèt la, li te prete lajan nan men lòt bank etranje, ki te met ansanm ak kèk manm gouvènman Ayiti ki t ap sèvi tèt yo, ki pa t enterese defann kòz pèp yo, yo te pran yon bon valè nan lajan pèp la pandan plizyè dizèn ane apre sa.

Apre plizyè dizèn ane Ayiti fè ap peye Lafrans ekonomi peyi a bese, Ayiti al prete plis lajan toujou. Vè 1911, sou chak $3 dola Ayiti ranmase nan enpo sou kafe, pi gran sous revni peyi a, $2.53 dola ladan te pou peye dèt envestisè fransè yo, dapre deklarasyon Gusti-Klara Gaillard ak Alain Turnier, 2 istoryen ayisyen ki bay enfòmasyon ki kadre ak dosye yo jwenn nan achiv diplomatik nan kèk katye Pari.

Sa pa t kite anpil lajan pou jere peyi a, ale wè pou bati yon peyi.

Pandan kèk ane okipasyon amerikèn nan ki te kòmanse an 1915, pi gwo pati nan bidjè Ayiti te pou peye salè ak depans ofisyèl ameriken ki t ap kontwole finans peyi a olye pou bay tout popilasyon an, 2 milyon moun kon sa, swen sante.

Menm apre Ameriken yo te fin remèt kontwòl peyi a nan fen ane 40 yo, kiltivatè ayisyen yo t ap viv “anpil fwa tankou moun ki nan grangou” dapre sa ofisyèl Nasyonzini te rapòte. Se apèn youn sou chak 6 timoun ki te al lekòl.

Dèt te kontinye ap kofre peyi a. Nan ane 1940 yo, yo te egzije timoun ayisyen ki te gen chans al lekòl pou yo pote ti monnen yo genyen bay lekòl la pou peyi a te kab fin peye lajan l prete. Se te yon gwo fado ki te sou do nasyon yo a depi o kòmansman.

Lafrans admèt yon ti moso nan istwa sa a. Nan lekòl an Frans yo pa menm anseye afè reparasyon ayisyen te oblije peye ansyen mèt esklav yo pandan plizyè jenerasyon, dapre kèk chèchè. Epi lè yon prezidan Ayisyen te kòmanse soulve kesyon an byen fò, gouvènman fransè a pase l nan rizib epi yo eseye kase fèy kouvri sa.

An 2003, Jean-Bertrand Aristide, yon ansyen pè ki vin premye prezidan yo eli demokratikman apre plizyè dizèn ane diktati, lanse yon kanpay pou mande pou Lafrans remèt lajan li te pran an, li fè reklam nan televizyon, li mete pankad nan lari epi li pran yon ekip avoka pou prepare yon pwosè entènasyonal. Kòm repons, gouvènman fransè a mete yon komisyon sou pye pou analize relasyon ant 2 peyi yo, men anba anba li di komisyon an “pa di anyen ki ta an favè renmèt lajan,” dapre sa Thierry Burkard, anbasadè fransè ann Ayiti epòk la, di New York Times nan yon entèvyou sa pa gen lontan.

Jean-Bertrand Aristide
Jean-Bertrand AristideCredit…Cannaday Chapman

Komisyon an rejte demann Mesye Aristide yo kòm si se ta mannigèt yon demagòg, epi komisyon an prezante dèt endepandans lan tankou yon “akò” ant Ayiti ak Lafrans. Sèl sa li mansyone nan yon anèks rapò a an 2004 se bato lagè fransè yo ki t ap pwoche pre Ayiti pou fè peyi a asepte demann nan.

Yon mwa pi ta, gouvènman fransè a ede dechouke Mesye Aristide sou pouvwa a, gouvènman fransè a di li t ap eseye epaye Ayiti, ki t ap toufe ak boulvès politik, pou l pa vin gen yon gè sivil. Men pandan ofisyèl fransè yo te toujou ap di se pa afè restitisyon ki te lakòz yo met Mesye Aristide atè, Mesye Burkard admèt “pwobableman se te pou sa tou.”

Li di: “Sa t ap tabli yon presedan pou anpil lòt peyi.”

Malgre yo te dechouke Mesye Aristide, koze reparasyon an la toujou. An me 2015, François Hollande, Prezidan Lafrans lan, nan inogirasyon yon sant pou komemore komès esklav yo an Gwadloup li rele pèman Ayiti te bay ansyen mèt esklav li yo “yon ranson pou endepandans yo.”

Li ajoute: “Lè mwen al ann Ayiti, mwen pral peye pòsyon pa m nan nan dèt nou an.”

Piblik la, prezidan Ayiti a te pami yo tou, kanpe tousuit pou yo bat bravo byen fò.

François Hollande Prezidan Lafrans an 2015.
François Hollande Prezidan Lafrans an 2015.Credit…Philippe Wojazer/Reuters

“Moun kriye. Kèk lidè peyi Afrik kriye. Se te yon gwo koze,” dapre Michaëlle Jean, yon moun ki fèt Ayiti, ansyen Sekretè Jeneral Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni, ki te la pandan diskou a.

Kè kontan sa a pa t dire lontan.

Kèk è d tan pi ta, asistan Mesye Hollande yo vin klarifye pou laprès Mesye Hollande t ap pale sèlman de yon “dèt moral” Lafrans te dwe Ayiti, li pa t ap pale de okenn dedomajman ekonomik. Gouvènman fransè kenbe menm pozisyon an jis jounen jodi a.

Minis Afè Etranjè a di jounal Times “Lafrans dwe fè fas ak istwa li, pou montre “solidarite’’ li anvè Ayiti. Malgre sa yo poko janm kalkile konbyen lajan Lafrans resevwa nan men Ayiti pandan plizyè jenerasyon.

“Sa se travay istoryen yo,” ministè a deklare.

Pèman Ayiti t ap vèse bay ansyen kolon yo se mèt plantasyon yo sèlman ki te dwe touche lajan sa a, lajan sa a pa t pou gouvènman fransè a. Sepandan gouvènman an jwenn moso nan lajan sa a kanmèm. New York Times dekouvri kèk ansyen dokiman gouvènman fransè ki pote dat 1900 yo kon sa ki revele gen 2 milyon fran ki soti nan men desandan esklav Ayisyen yo, ki vo apeprè $8.5 milyon dola ameriken jodi a, ki ale nan trezò piblik gouvènman fransè a. (Biwo trezò piblik peyi Lafrans refize fè okenn kòmantè sou sa, yo di se sou ane 1919 sèlman achiv yo rive).

Kèk nan fanmi ki te resevwa pèman pandan plizyè dizèn ane toujou la pami kèk gran fanmi wa ann Ewòp epi kòm aristokrat Fransè. Pami desandan yo gen Maximilian Margrave moun Baden, premye kouzen Prens Charles; Ernest-Antoine Seillière de Laborde, yon biznismann Fransè, ki te dirije asosiyasyon gran biznis; epi gen Michel de Ligne, Prens bèlj ki te gen zansèt li ki pwòch Gran Katrin epi ki te bati yon chato ki rele “Vèsay Bèljik,” kote yo te kache plizyè santèn timoun juif pandan Olokòs la.

Jounal Times jwenn plis pase 30 desandan fanmi ki te resevwa lajan dèt endepandans Ayiti a. Majorite ladan yo di yo pa janm tande pale de koze sa a.

Nicolaus Herzog von Leuchtenberg, Dik Leuchtenberg la, sizyèm jenerasyon desandan Joséphine de Beauharnais, premye madanm Napoleon, pandan l t ap pale nan telefòn ann Almay, di: “Sa se yon pati nan istwa fanmi m mwen pa t janm konnen.”

Se pa tout Ayisyen ki te pataje dèt la egal ego. Ti pòsyon elit nan peyi a, ki abite nan gwo kay ak gran baryè epi ki vwayaje al an vakans regilyèman swa a Pari swa Miyami, sa pa t touche yo pase sa. Se moun ki pa t gen gran mwayen ki te peye dèt sa a, yo kontinye ap peye toujou, dapre sa anpil moun di, paske peyi a pa janm gen ase lekòl, dlo pou moun bwè, elektrisite ak lòt sèvis de baz.

Doktè Francis Saint-Hubert, yon doktè ayisyen ki te travay nan kanpay restitisyon Mesye Aristide la epi ki anseye nan lekòl medsin Fondasyon Aristide pou Demokrasi la ann Ayiti tou, di: “Jiska jounen jodi a, n ap soufri konsekans dèt sa a.” Nan yon vizit li te fè sa pa gen lontan nan yon lopital leta, li te remake kèk tiwa nan lopital la pa t menm gen ekipman òdinè, tankou tansyomèt, oubyen menm tèmomèt.

Li di: “Nou kontinye ap peye toujou, epi pafwa nou peye ak lavi nou.”

Dokiman jounal Times analize yo montre jan Ayiti te vin gen dèt sa a sou do l, ak jan efè dèt sa a travèse istwa peyi a. Dosye nou jwenn ki pi ansyen an, an reyalite, pote dat yon epòk nasyon Ayiti a po t ko menm egziste.

Pandan peryòd esklavaj la, Ayiti te sitèlman gen richès, yo te rekonèt Cap-Français, pi gran vil li a, sou ti non “Pari Antiy yo.” Te gen plizyè libreri la, kèk ti restoran, bèl jaden flè, bèl plas piblik ak kèk bèl jè dlo. Teyat ki te rele Comédie du Cap la te kab pran 1,500 moun epi yo te fè 200 prezantasyon ladan pa ane, anpil ladan yo te soti Pari dirèkteman. Yo te fè kèk bal nòmal ak kèk gran bal. Pou yon moun te lwe yon kay ki kouvri ak seramik, ak bèl mi pentire an blan ak bèl lakou, sa te koute kat fwa plis pase yon apatman nan premye etaj nan mitan Pari epòk sa a, dapre istoryen John Garrigus. Pò vil la k ap toufe anba fatra kounye a te chaje ak bèl bato a vwal.

Tout bagay sa yo pase rapid. Koloni sa a ki te nan mòn nan, ki te kache nan pati lwès lil Ispanyola a, Lafrans te kolonize li pi ta pase tout rès Karayib la. Sepandan nan mwens pase 100 lane, plantasyon l yo te pwodui plis sik pou voye ann Ewòp. Se jis nan fen ane 1730 yo koloni an te kòmanse plante kafe nan mòn Dondon yo, kote Madan Present ap fè kilti latè jis jounen jodi a.

Distans fen ane 1780, koloni Sen Domeng pou kon pa li te absòbe 40 pou 100 tout komès esklav trans-Atlantik la. Anpil afriken yo te kidnape te mouri apre kèk ane apre yo te fin pran yo sot nan kal yon batiman ki te chaje ak moun epi ki te sal pou yo al tanpe yo ak non oubyen ak inisyal nouvo mèt yo.

Sa ki pa t mouri pandan vwayaj la se te 90 pou san tout popilasyon nan koloni an, yo te kenbe yo grangou, yo te fatige yo, epi yo te fè yo gwo abi pou kontwole yo. Yon pakèt gwoup kolon reyini sou youn nan bèl plas piblik ki sou lil la pou yo gade esklav yo boule tou vivan oswa moun y ap kraze, zo pa zo, sou yon gwo wou.

Pinisyon kriminèl yo te sitèlman komen yo te gen ti non pou yo tankou “kat poto” oswa “nechèl,” dapre sa istoryen yo ekri. Yo te menm gen yon teknik kote yo plen anndan yon esklav ak poud bal pou yo kab esploze li tankou yon boulèt kanno. Yo te rele sa boule “yon ti poud nan bouda” dapre esplikasyon istoryen fransè Pierre de Vaissière, ki te fè konnen enfòmasyon sa a soti nan lèt yon kolon an 1736.

Bawon de Vastey yon ofisye gouvènman an nan pati Nò Ayiti nan travay li te fè an 1814, Dekouvèt Sistèm Kolonyal la, te poze tèt li kesyon sa a“O tè mwen an, èske gen okenn lòt tè sou planèt sa a ki pi benyen nan san moun pase tè sa a?”

Etan l ap site non mèt plantasyon yo ak administratè yo, li ekri: “Se yon wont pou Lafrans, pa gen youn nan bandi sa yo ki sibi menm yon ti pinisyon pou krim li komèt yo.”

Lafrans te vin kreye lwa ki pi fèm ki anpeche yo rache moun oswa touye moun ki esklav yo nan ane 1780 yo. Se te yon siy ki montre jan kèk mèt plantasyon pa t kache jan yo te vin mechan. Kèk ane pi ta, gen 14 esklav ki soti sou yon plantasyon kafe byen lwen ki te fè yon vwayaj long pou y al nan tribinal Cap-Français pou yo teste nouvo lwa yo. Mèt yo, yon plantè rich ki te rele Nicolas Lejeune, te maltrete 2 medam anketè te jwenn mare anba chenn, pye yo te gen mak boule. Yo mouri yon ti tan apre sa. Malgre sa, yo te bay Lejeune libète l.

Dapre sa istoryen Malick Ghachem ekri, Lejeune ekri pwokirè a: Sèl bagay ki pou anpeche “yon esklav ponyade mèt li” se “tout pouvwa mèt la gen sou esklav la.” Li ajoute: “Wete baryè sa a, w a wè esklav yo pral eseye tout bagay.”

Twazan apre sa, esklav Sen Domeng yo revòlte yon jou swa nan mwa d out, yo kòmanse pi gran rebelyon esklav nan listwa, dapre kèk istoryen.

Pa gen anpil enfòmasyon konsènan sa k te pase nan premye jou revolisyon an. Gen yon esklav ki te di, petèt pandan y ap tòtire li, te gen yon reyinyon sekrè ki te fèt nan yon rak bwa, te gen 200 lòt moun ki sot toupatou nan Nò ki te la. Pi ta, pandan yon seremoni, rebèl yo pran angajman pou yo detui moun ki t ap maltrete yo ak tout zouti yo te gen a dispozisyon yo.

Rebèl yo te fè batay sa a ak nenpòt sa ki te kab sèvi kòm zam ki te vin anba men yo oswa nenpòt sa yo te kab fè tounen zam. Sa k te mache pi byen pou yo, se te sèvi ak dife pou yo boule plantasyon kann ak kay ki te sou plantasyon yo. Lafimen nwa te anvayi Cap -Français. Lafimen an te fè syèl la klere tankou apre solèy la fin kouche nan nò planèt la, dapre yon chirijyen fransè.

Yon ilistrasyon ki montre chan an k ap boule an 1791, pandan revolisyon ayisyen an.
Yon ilistrasyon ki montre chan an k ap boule an 1791, pandan revolisyon ayisyen an.Credit…Universal Images Group, via Getty Images

Nan lespas 2 semèn, chak plantasyon ki te a yon distans 80 kilomèt Cap-Français yo te boule yo jouk yo tounen sann epi rebèl yo ki te abiye ak ranyon òganize tèt yo an 3 lame, plizyè santèn nan yo te sou cheval. Gen youn nan lidè yo ki te vin gen yon popilarite estwòdinè paske l te fè mèt esklav yo menm sa yo te konn fè esklav yo, li kale yo anpil fwa epi li koupe men yo.

Apre 2 an, delege fransè ki te nan koloni an anonse tout esklav yo ap lib epi y ap vin sitwayen fransè. Se te yon bagay pratik: yo te bezwen moun pou yo te rekrite pou defann koloni an kont tout atak menm atak Anglè ak atak Espayòl yo ki te deja gen kontwòl bò Lès Ispanyola a. Men se yon demach ideyolojik tou, ki manifeste lide revolisyonè ki te eklate lakay pa yo, dapre kèk istoryen.

Tousuit apre yo koupe tèt Louis XVI ak Marie Antoinette an Frans, gouvènman revolisyonè a anile esklavaj an 1794, ni Sen Domeng, ni nan tout koloni fransè yo. Istoryen Laurent Dubois rele sa pi gran chanjman Revolisyon fransè a te pote. Malgre sa, pou esklav Sen Domeng yo, li di: “Se te fen kòmansman yon konba long pou libète.”

Napoleon, ki te pran pouvwa a an 1799, te gen lide diferan sou kesyon esklavaj la. An desanm 1801, li voye 50 bato al Sen Domeng pou remete sistèm koloni fransè a an plas epi pou “debarase nou ak afriken degize sa yo,” dapre konsiy li bay kòmandan an, bòfrè li. Napoleon remete komès esklav la sou pye nan tout lòt koloni yo epi li panse sa t ap pran 3 mwa pou l reprann kontwòl Ayiti.

Olye de sa, apeprè 50,000 sòlda fransè, maren ak kolon mouri, dapre enfòmasyon istoryen Philippe Girard bay. Prèske 2 an apre sa, ti rès sòlda Napoleon yo kite pò Cap-Français a ki te fin boule nèt tounen chabon. Yo te vin chanje non an pou Cap-Haïtien.

Deklarasyon endepandans Ayiti, non endyen sa a revolisyonè yo te reprann pou peyi yo a, te bay esklav depi Brezil rive Kawolin di Sid anpil espwa, dapre istoryen Julius S. Scott.

Men pou mèt esklav sa yo, evènman sa a te trase yon move egzanp.

Pou Senatè Thomas Benton ki soti Missouri esplike kòlèg li yo nan Kongrè a pou ki sa Etazini pa dwe rekonèt endepandans Ayiti a, li di: “Lapè nan 11 eta nan inyon sa a p ap asepte rezilta yon revolisyon nèg nwè fè ki abouti. Peyi a p ap pèmèt konsil ak anbasadè Nwa vin rete nan vil nou yo, epi pou yo vin flannen nan peyi nou an.”

Oubyen, tankou Senatè John Berrien ki soti Georgia te di, devlope relasyon ofisyèl ak Ayiti se ta “vini ak yon kontaminasyon moral” ki ta fè epidemi ki pi danjere a sanble yon bagay “raz epi ki san enpòtans.”Video00:000:17CreditCredit…Federico Rios for The New York Times

Ayiti konnen Lafrans t ap tounen, se yon presantiman ki toujou nan mi kay ki sou tèt plantasyon kafe Dondon yo. Yo rele l Sitadèl la, se pi gwo fò militè nan Karayib la epi pa gen manti nan sa se bilding ki pi enpòtan nan peyi d Ayiti. Mi gri l yo gen lyann jòn k ap pouse sou yo, gen mi ki gen jiska 16 pye epesè epi jiska 147 pye wotè. Nan yon ang, mi yo sanble ak pwent devan yon gwo batiman k ap pote gaz k ap vanse sou yon ti kannòt. Gen plis pase 160 kanno ki pwente soti deyò nan fenèt li yo epi sou arebò mi li yo.

Apeprè 20,000 peyizan nouvo gouvènman ayisyen an te rekrite pou travay bati fò sa a an 14 lane sèlman, yon ti tan apre endepandans lan. Se te sèlman youn nan 30 fò Jean-Jacques Dessalines te bay lòd bati, se te premye dirijan Ayiti. Se te yon preparasyon pou sa l te rele “retou posib franse yo pou atake nou.”

Finalman jou sa a te rive, 21 an apre endepandans lan.

Le 3 jiyè 1825, yon bato lagè fransè ak 2 lòt bato, rive nan pò Pòtoprens, kapital Ayiti.

Se Charles X, nouvo wa fransè yo te fèk enstale a, ki te voye yo, pou yo fè Ayiti respekte yon òdonans: Pou 150 milyon fran ak gran rediksyon taks sou machandiz fransè, Lafrans va rekonèt endepandans ansyen koloni li an.

Si gouvènman ayisyen an pa asepte òdonans sa a jan l ekri a egzakteman, Ange René Armand, Bawon Mackau a, te gen lòd pou l deklare Ayiti kòm “lènmi Lafrans” epi pou l bloke pò li yo. Nan sa Bawon an ekri ak men pa li, li di yo te ba l lòd pou l kòmanse aksyon militè “yo p ap kapab frennen.”

Boulèt kanno yo te mete nan Sitadèl la, pou defann peyi a kont yon envazyon fransè.
Boulèt kanno yo te mete nan Sitadèl la, pou defann peyi a kont yon envazyon fransè. Credit…Federico Rios pou The New York Times

Li di Jean-Pierre Boyer, prezidan d Ayiti: “Mwen pa la pou negosye. Mwen se yon senp sòlda.” Dapre sa Bawon an rakonte, yo te pibliye sa an Frans nan ane sa a.

Pa twò lwen sou bò lanmè a, 11 lòt bato lagè fransè t ap tann. Youn nan gran jeneral Prezidan Ayiti a kouri voye yon lèt ba li pandan l nan mitan negosiyasyon an, pou di l sòlda ki nan mòn nan zòn nòdwès Pòtoprens yo wè ekip batiman fransè yo.

Afè pèman se yon pawòl yo te pale deja, premyèman se prezidan ayisyen an ki pale de sa an 1814 kòm yon mwayen pou evite sa anpil moun te wè kòm yon envazyon fransè ki te inevitab. Lafrans te sispann achte machandiz nan men Ayiti epi tanzantan Etazini te sispann achte nan men Ayiti tou. Poutèt sa Boyer te diskite lide sa a, pou lòt peyi te kab rekonèt endepandans peyi d Ayiti.

Men sa yo se te negosiyasyon diplomatik. Kounye a yo t ap egzije yon pakèt lajan epi yo t ap menase peyi a ak lagè.

Dapre sa Bawon an rakonte, Prezidan Boyer di: Demann fransè yo ap fè a te “egzajere” epi yo te “depase kalkil nou.”

Men apre twa jou rankont, li bay legen.

Gen kèk istoryen ki konteste lide sa a ki fè konnen Boyer asepte demann sa yo tou senpleman pou pwoteje pèp li a kont lagè. Alex Dupuy, yon entèlektyèl ayisyen ameriken, prezante agiman pou fè konnen prezidan an te vle pwoteje dwa popriyete elit ayisyen an ki te pran kèk tè, epi li te konnen se mas pèp la ki ta pral peye dèt la.

Li di: “Fòk yon moun konprann presyon Lafrans te mete sou Ayiti a, te nan enterè kategori moun ki t ap dirije yo tou.”

Òdonans sa a te nouvo. Tipikman, dapre kèk istoryen, se peyi ki pèdi lagè a yo konn egzije peye reparasyon. Nasyon ewopeyen ki te genyen lagè kont Lafrans apre lagè Napoleon 1815 yo te fè Lafrans peye yo, yon dizèn ane anvan Bawon Mackau te vini ann Ayiti. Apre Premye gè mondyal la, nasyon ki te alye yo fè Almay peye yon pakèt lajan kòm amann nan Trete Vèsay la. Sa te lakòz gwo rankin ki kontinye mennen jis nan Dezyèm gè mondyal la.

Men nan ka sa a, peyi ki te gen viktwa li a, ki te premye peyi ki kase chenn li yo, epi ki te batay ak tout fòs li pou l defann tèt li kont Napoleon, se li menm ankò ki t ap peye. Olye yo korije sitiyasyon an, oubyen yo admèt abi esklavaj la, òdonans lan konsantre sou pèt finansyè ansyen patwon yo.

Plizyè dizèn ane pi ta, kèk nasyon, tankou Angletè, aboli esklavaj epi yo peye mèt esklav yo pou pèt yo fè yo, pandan y ap egzije esklav ki te fèk jwenn libète yo kontinye travay pou mèt yo pandan plizyè ane san yo pa peye yo. Dapre Frédérique Beauvois, yon istoryen suis, Etazini se te yon esepsyon: li libere moun apre Lagè sivil la, epi li pa peye moun ki te mete yo nan lesklavaj la.

Men pa t gen tankou ka Ayiti a. Ayisyen yo te deja libere tèt yo.

Nan kèk lòt ka yo, kèk gouvènman peye mèt esklav yo pou kalme opozisyon yo kont lwa abolisyon yo epi pou asire yo kontinye pwodui pou ekonomi an pa kraze. Men nan ka Ayiti a, Lafrans egzije moun ki te nan chenn yo pou yo peye.

Madan Beauvois di: “Se te pou pini yo. Se te yon vanjans.”

Sa te koute anpil lajan. An 1803, Lafrans vann Etazini teritwa Lwizyàn nan pou 80 milyon fran, yon ti kras anplis mwatye sa yo te mande Ayiti peye a. Nan epòk sa a Lwizyàn te yon gwo pati nan kontinan an, ki te bay sou 15 Eta modèn yo. Ayiti te 1/77yèm gwosè Lwizyàn.

Gouvènman ayisyen an pa t menm gen ase lajan pou peye premye vèsman dèt sa a.

Bawon an tounen an Frans ak 3 diplomat Ayisyen. Lè yo rive, yo fè aranjman pou yo prete 30 milyon fran. Men apre gwoup bankye yo, ki te gen fanmi Rothschild pami yo, te pran komisyon pa yo, Ayiti soti ak 24 milyon fran sèlman.

Olye de 150 milyon fran, toudenkou Ayiti vin dwe 156 milyon fran, plis enterè.

Se te youn nan premye lajan pami tout yon seri lajan bankye fransè yo te prete kèk gouvènman etranje ki te transfòme Pari pou fè l tounen yon sant finansman entènasyonal. Epi sa te vin yon modèl pou kontwole koloni yo apre endepandans yo, sa te reyalize vizyon Bawon an. Pi devan yo te nonmen li Minis lamarin ak koloni yo.

Bawon an ekri: “Anba rejim sa a Ayiti ap vin yon koloni ki rantab anpil pou Lafrans epi se yon pwovens ki p ap koute Lafrans anyen.”

Nèg Mawon, yon estati nan mitan plas prensipal Pòtoprens, ki reprezante yon nèg ki sove anba lesklavaj k ap soufle yon po lanbi pou l reyini kèk rebèl.
Nèg Mawon, yon estati nan mitan plas prensipal Pòtoprens, ki reprezante yon nèg ki sove anba lesklavaj k ap soufle yon po lanbi pou l reyini kèk rebèl. Credit…Federico Rios pou The New York Times

Pari, wa a nonmen yon komisyon pou egzaminen plis pase 27 000 demann dedomajman ki vin anvayi yo pandan plizyè dizèn lane apre revolisyon Ayiti a.

Pi gwo pèman yo te bay yon sèl moun te al jwenn fanmi Jean-Joseph de Laborde, youn nan moun ki te gen plis esklav nan istwa peyi d Ayiti, ki te yon bankye pou Louis XV, dapre Oliver Gliech, yon istoryen alman ki te kreye yon a baz done ansyen kolon yo.

Nan fen 18yèm syèk la, Laborde transpòte prèske 10 000 afriken al Ayiti nan bato esklav li te genyen epi li te gen plis pase 2 000 moun nan esklavaj sou plantasyon Ayiti, anpil nan yo mouri. Revolisyonè fransè koupe tèt li an 1794, men 2 nan pitit li yo, Alexandre ak Nathalie, resevwa 350 000 fran kon sa, oubyen $1.7 milyon dola ameriken nan lajan jodi a, pou demann li te fè pou pèt li te fè ann Ayiti.

Ofisyèlman, ansyen kolon yo te resevwa yon dizyèm nan sa yo te pèdi sèlman. Men Alexandre, pitit gason Laborde, ki te yon abolisyonis wouj, nan yon deba palmantè an 1833, di pèman dedomajman yo te tèlman gwo yo te depase pèt mèt plantasyon yo an reyalite.

Li di lejislatè yo: “Avèk mwatye dedomajman mwen ta resevwa a, mwen ta ka achte tou le twa kay m genyen yo.”

Dapre lalwa, komisyon an te ka peye Fransè yo sèl pou byen imobilye yo te pèdi. Men sa te parèt klè “esklav yo te prèske sèl byen ki gen valè Sen Domeng te genyen” e yo ta dwe antre nan kalkil la tou, dapre sa Jean-Marie Pardessus, yon responsab ki te kolabore nan preparasyon regleman dedomajman yo, te di kòlèg lejislatè li yo.

Ti kras sa moun konnen sou desizyon komisyon an soti nan yon liv 990 paj ki te gen nòt orijinal komisyon an ki te ekri alamen; yo te jwenn liv sa a nan achiv fransè nan zòn Woubè an 2006.

Kèk ansyen kolon te depoze plizyè lèt kapitèn bato esklav ak machann esklav te ekri kòm prèv yo te achte Afriken yo te kidnape yo lavèy revolisyon an. Okontrè, manm komisyon an retire pri esklav yo te mennen avèk yo lè yo t ap sove a.

An 1828, komisyon an te tande Philippine Louise Geneviève de Cocherel. Papa l ki te fenk mouri te yon notab ki te gen tit Maki de Cocherel. Misye te gen 6 pwopriyete, youn nan yo te yon plantasyon kann ak kafe.

Bawon Vastey a te idantifye Cocherel nan trete li te ekri pou montre mechanste sistèm esklavaj la, men avèk yon ekriti swa, sekretè ki tap pran nòt pou manm komisyon an te anrejistre pèt maki a kòm si sa pa t enterese l:

Plantasyon kann ak koton li yo te vin “redui akòz lanmò” a 220 esklav yo te evalye a 3,425 fran pa tèt.

Kantite esklav nan plantasyon kafe a te vin “redui a 40 akòz lanmò”, yo te vo 3 250 fran chak. Sou bitasyon an, 7 esklav ki te genyen an te vin “redui a” 6, yo te vo 2 500 fran pa tèt.

Chenn yo te konn sèvi pou mare esklav ayisyen nan yon mize nan kapital la.
Chenn yo te konn sèvi pou mare esklav ayisyen nan yon mize nan kapital la.Credit…Federico Rios pou The New York Times

Kantite esklav nan plantasyon kafe a te vin “redui a 40 akòz lanmò”, yo te vo 3 250 fran chak. Sou bitasyon an, 7 esklav ki te genyen an te vin “redui a” 6, yo te vo 2 500 fran pa tèt.

An 1789, anvan rebelyon esklav yo, maki a te achte 21 nouvo esklav anvan l te pati al Lafrans. Men li pa t di ki kote li te mete yo travay; ki fè, komisyon an te evalye yo a yon pri mwayen jiska dènye santim nan: 3 366.66 fran.

Alafen, komisyon an dedomaje pitit fi Cocherel la ki fenk marye, pou li touche 1.450 fran ki egal a $280 dola ameriken nan ane 1860 yo, chak ane pandan plizyè douzèn ane, dapre plizyè piblikasyon gouvènman an sou desizyon komisyon an.

Kontrèman, plantè kafe ann Ayiti t ap fè apeprè $76 dola ameriken pa ane an 1863, dapre sa Edmond Paul, yon ekonomis ayisyen ki politisyen tou, te ekri lè sa a, ki apèn ase pou achte manje “ki pa vo anyen” yon fwa pa jou, menm ak sa esklav manje.

Li di: sa fè m sonje lesklavaj.

Gouvènman ayisyen an vin pa gen lajan menm kote a. Pou li konplete premye pèman li, li pran tout sa ki te nan kòf leta a, li voye tout Lafrans sou yon bato fransè, byen fèmen nan plizyè ti sak anndan plizyè kès an bwa ki fèmen ak klou yo ranfòse ak plizyè ba fè. Sa pa t kite okenn lajan pou sèvis piblik.

Gouvènman fransè a fè menas lagè pou li touche rès lajan l lan.

Nan yon lèt Minis fransè afè etranjè a te ekri konsil li ann Ayiti an 1831, li di: “Gen yon lame ki gen 500 000 gason ki pare pou batay, e gen yon rezèv ki gen 2 milyon moun pou kore gwo fòs sa a.”

Pou reponn, Prezidan Boyer pase yon lwa ki mande chak grenn Ayisyen pare pou defann peyi a. Se li ki te bati vil Petyonvil ki tounen vil lelit Ayiti a kounye a, sou mòn, lwen pò a, nan yon distans boulèt kanno pa ka rive.

Ata diplomat fransè yo te rekonèt menas yo fè gouvènman ayisyen an mete lajan nan lame li olye li voye l Lafrans.

Nan yon lèt yon diplomat fransè ekri an 1832, diplomat la di: “Laperèz pou Lafrans ki bezwen touche, pa pèmèt li redui eta lame li.”

Nan fen 1837, 2 reprezantan fransè rive Pòtoprens avèk lòd pou yo negosye yon nouvo trete epi pou rekòmanse pèman yo. Swadizan dèt endepandans lan vin redui a 90 milyon fran, epi an 1838, yon lòt bato lagè tounen Lafrans avèk dezyèm pèman Ayiti a. Pèman sa a souse pi fò lajan Ayiti yon lòt fwa ankò.

Lame a souse yon lòt gwo pòsyon, dapre Victor Schœlcher, yon ekriven fransè abolisyonis ak politisyen. Apre sa, te rete yon ti kras pou lopital, travo piblik, avèk lòt kalite byennèt piblik. Edikasyon resevwa sèlman 15 816 goud, mwens pase yon pousan bidjè a.

Depi o kòmansman, ofisyèl fransè yo te konnen jan peman sa yo pa t ap bon ditou pou Ayiti. Men yo te ensiste pou yo touche, epi pandan plizyè dizèn ane, anwetan kèk esepsyon, sitou pandan peryòd soulèvman politik. Ayiti chache yon jan pou l jwenn kòb la.

Jounal New York Times suiv tras chak pèman Ayiti te fè pandan yon peryòd 64 ane, nan fouye plizyè milye paj dosye achiv an Frans epi ann Ayiti, ansanm ak plizyè dizèn atik ak liv soti nan 19yèm syèk rive nan kòmansman 20tyèm syèk tankou sa Frédéric Marcelin, minis finans ayisyen an te ekri.

Gen kèk ane, pèman Ayiti te voye Lafrans te souse plis pase 40 pou san lajan total gouvènman an te antre.

Nan yon lèt yon kapitèn fransè te ekri Bawon Mackau an 1826 apre li te fin resevwa yon kagezon lò ki te soti Ayiti, li di: “Yo pa konn ki pòt pou yo frape.”

Kapitèn nan ekri: “Apre yo fin eseye prete lajan lakay yo, kolekte fon patriyotik, pran don fòse, vann pwopriyete leta, finalman yo reziyen yo fè sa ki pi mal la”, 10 ane taks egzajere ki te “tèlman depase sa resous peyi a te ka reyalize, ki fè lè chak grenn moun fin vann tout sa l posede, apre li vann tèt li, yo p ap menm rive rasanble mwatye nan kantite lajan yo mande yo a.”

Yon rapò 1826 ki verifye valè lajan ki soti Ayiti nan kèk kès klete abò yon batiman fransè.
Yon rapò 1826 ki verifye valè lajan ki soti Ayiti nan kèk kès klete abò yon batiman fransè.

Malgre sa, vè 1874, Ayiti te fin peye tout dèt la esepte 12 milyon fran nan doub dèt li te dwe Lafrans, gras a enpo sou kafe. Pou gouvènman an te fini ak rès la, epi pou l te ka envesti finalman nan devlopman peyi a nan bati pon, ray tren, fa, li al prete 2 lòt gwo lajan ankò nan men bankye fransè yo.

Lajan prete sa a tounen yon “gaspiyaj san wont,” dapre pawòl prezidan asanble nasyonal Ayiti a apre ankèt palman an.

Nan yon lajan Ayiti t ap prete an 1875, bank fransè ak envestisè li yo pran 40 pou san nan tranzaksyon depi anlè. Pi fò rès la ale nan peye lòt dèt, alòske ti rès la al plen pòch dirijan ayisyen kòwonpi ki anrichi tèt yo kont avni peyi pa yo a, dapre sa plizyè istoryen di.

Olye Ayisyen chape anba mizè, yo antre pi fon ladan.

Pandan pi gran pisans mondyal yo, ata menm kèk ti peyi tankou Kosta Rika, t ap envesti nan kokennchenn pwojè sante piblik pou konbat maladi e pou amelyore kalite lavi pou sitwayen pa yo, Ayiti menm se ti kras kòb li te genyen pou bagay tankou bati lopital epi enstale manman tiyo dlo. An 1877, lè yo te kreye Depatman Travo Piblik ofisyèlman, li te gen 2 achitèk avèk 6 enjenyè pou tout peyi a nèt.

Spencer St. John, yon diplomat anglè, te dekri vil Pòtoprens nan epòk sa a petèt kòm “vil ki te gen pi move sant, ki te pi sal, epi, akòz sa, vil ki te gen plis ka maladi lafyèv sou latè,” paske te gen anpil watè moun ki fè pil nan ma dlo nan lari; “nan lòt peyi dlo sal sa yo ale nan tourego.”

Bank ki te jwi plis avantaj nan lajan prete 1875 lan se te Crédit Industriel et Commercial, enstitisyon fransè ki te ede finanse Tou Efèl la.

E tousuit apre Crédit Industriel te fè premye esè li ki te rapòte l anpil ann Ayiti, li vin ankadre peyi a yon lòt fwa ankò, fwa sa a li ede kreye Bank Nasyonal d Ayiti.

Prèske sèl bagay ki te pou ayisyen nan bank sa a se te non an.

Avèk katye jeneral li a Pari, se òm d afè fransè avèk aristokrat fransè ki te kontwole li, bank lan vin pran kontwòl jesyon trezò piblik peyi d Ayiti, fè gouvènman ayisyen an peye yon komisyon chak fwa gouvènman an fè nenpòt ti depo lajan oswa l peye yon bòdwo, epi bank lan voye benefis la bay aksyonè li yo ki an Frans. An 1894, yon ane referans, envestisè fransè bank lan yo touche plis pase bidjè agrikilti gouvènman ayisyen te pwopoze pou tout peyi a.

Apre 1915, lè Ameriken vin ranplase Fransè kòm fòs ki pi dominan ann Ayiti, yo fè plis pase kontwole bank nasyonal peyi a: yo enstale yon gouvènman pope twèl, yo kraze palman an anba menas zam, yo enstale separasyon ras, yo fòse Ayisyen konstwi wout san yo pa touche, yo touye manifestan epi yo re-ekri konstitisyon peyi a, ki otorize etranje posede pwopriyete pou premye fwa depi endepandans lan.

Okipasyon militè a dire 19 ane, epi yo te jistifye sa kòm yon bagay enpòtan anpil pou sekirize enterè ameriken nan rejyon an, pou donte dezòd fiskal Ayiti a. Peyi Etazini, kote yon lè lejislatè yo te pè efè kontaminasyon endepandans Ayiti a, kounye a yo dekri envazyon an kòm yon misyon pou al fè sivilizasyon, ki nesesè paske, jan Sekretè d Eta Robert Lansing te ekri an 1918, “ras afriken an pa gen okenn kapasite pou òganizasyon politik.”

Te gen yon lòt men dèyè okipasyon an tou: se te Wall Street, sitou yon bank ki te rele National City Bank of New York ki te vin tounen Citigroup.

Vè 1922, asosye li yo te gen tan achte tout aksyon Bank Nasyonal peyi d Ayiti a, epi, avèk yon garanti nan men gouvènman ameriken, bank lan te vin genyen chans ofri Ayiti prete plis lajan toujou. Bank lan vin rive nan yon pwen kote l kontwole tout dèt Ayiti yo epi li suiv menm pratik ki te deja byen tabli.

Bank lan pa t fè gran efò pou ede Ayiti, pandan l ap souse yon ka nan lajan peyi a t ap rantre pandan pwochen 10 ane yo, dapre yon rapò fiskal anyèl jounal Times analize.

Yon sikisal Citibank Manhattan.
Yon sikisal Citibank Manhattan.Credit…Hiroko Masuike/The New York Times

Lè anketè ki soti nan Nasyonzini ki te fenk fòme vin vizite Ayiti apre Ameriken yo fin remèt kontwòl finans peyi a an 1947, anketè yo jwenn yon peyi nan menm move eta li te toujou ye a.

Dapre sa New York Times jwenn nan yon analiz li fè, depi 1825 rive 1957, dèt entènasyonal souse yon mwayèn 19 pou san nan lajan peyi a antre chak ane, e nan sèten ane dèt la manje plis pase 40 pou san.

Yon ekonomis italyen Ugo Panizza ki egzaminen doub dèt la di: “Sa se yon gwo montan parapò a prensip modèn yo.”

Met sou sa, lepli souvan peyi prete lajan pou yo envesti nan byennèt yo ak devlopman yo. Se ra pou sa rive ann Ayiti. Se yon pouvwa deyò ki mete doub dèt la ak fòs pa l epi sa pa menm podui anyen oswa bay oken sèvis an retou, pandan l ap souse richès peyi ki fenk fòme a depi o kòmansman.

Dapre Thomas Piketty, yon ekonomis fransè ki te egzamine doub dèt la tou: “Premye enpak ekonomik retrè sa a sèke pa t genyen lajan pou envesti nan edikasyon, lasante ak enfrastrikti. Men, sa ki pi grav toujou, fuit sa a deranje demach konstriksyon yon Eta nèt pou lontan.”

Se pa tout moun ki dakò. Nan kèk peryòd, pi gwo ribrik nan bidjè leta ayisyen an, ki menm pi gwo pase pèman dèt li, se te lame.

Kèk espè dekri depans sa a kòm yon bagay moun ka konprann, akòz bann menas Lafrans yo epi jan Ayiti te pè Fransè t ap vin repran peyi a epi okipasyon amerikèn nan kèk dizèn ane pi ta.

Men gen lòt moun ki wè gwo depans militè Ayiti a kòm pòtre yon gouvènman piyajè, ki pi enterese nan tire pwofi finansye ak nan rete o pouvwa pase ede pèp li.

Mats Lundahl, yon ekonomis peyi Lasyèd ki te pibliye anpil liv sou Ayiti, di: “Te toujou genyen altènatif: Depanse mwens nan lame, depanse plis nan devlopman. Sa a se te yon chwa yo te vle fè.” Li fè remake Ayiti te gen 22 gouvènman ant 1843 a 1915. Revolisyon oswa kou d eta kraze 17 ladan yo.

Mesye Lundahl di: doub dèt Lafrans te fòse Ayiti pran an te fè yon efè sou peyi, men, “mwen pa panse se sa ki te rezon prensipal soudevlopman Ayiti a.” Li di, dirijan ayisyen yo menm “yo te fè zak pa yo tou.”

Yo eli yon doktè ki renmen li anpil e ki nan senkantèn li, prezidan an 1957.

François Duvalier, t ap dirije yon klinik ki fòme doktè pou yo trete yon maladi yo rele pyan. Li te pwomèt l ap libere gouvènman an anba grif lelit peyi a epi l ap reprezante lòt Ayiti a: malere ki pa gen wout betonnen, dlo, ak edikasyon. Li te rele yo “Moun yo inyore yo” epi li te pwomèt l ap retire yo nan mizè yo ye a.

Avni peyi a te parèt bèl. Se premye fwa pandan plis pase 130 ane, fado dèt entènasyonal la te leve sou do Ayiti. Epi apre gwo fredi te gate rekòt kafe o Brezil, pri danre monte disèt wotè, sa vin bay Ayiti yon bon valè lajan li pa t atann, e lajan sa a yo te kòmanse depanse nan bati kanal irigasyon epi nan premye gwo baraj idwoelektrik peyi a.

An 1954, Bank Mondyal di: “Moman sa a kounye a pote yon opòtinite esepsyonèl pou Ayiti.” Li ajoute: peyi a “dwe sezi opòtinite sa a kounye a.”

Doktè François Duvalier
Doktè François DuvalierCredit…Cannaday Chapman

Olye de sa, Duvalier lage peyi l la nan dezespwa.

Diktati 28 an ant li menm ak pitit gason l Jean-Claude la te teyorize peyi a. Kò milisyen Tonton Makout Duvalier te kreye a te atake tout moun yo te konsidere kòm yon menas, menm etidyan ak jounalis tou. Yo voye plizyè santèn moun nan yon seri prizon Òganizasyon Dwa Zimen rele “Triyang lanmò” epi moun pa janm pran nouvèl yo ankò. Gen lòt yo tire nan lari, yo kite kadav yo fè pil a tè a. An 1964 Duvalier deklare tèt li “prezidan a vi.”

Pwofesyonèl pati kite peyi a ak tout espètiz yo te genyen. Vè 1970, plis doktè ayisyen t ap egzèse pwofesyon yo Monreyal pase ann Ayiti, dapre kalkil jounalis James Ferguson.

Duvalier vin konplete koripsyon ansyen dirijan yo: foure men nan monopoli tabak leta a, detounen salè travayè ayisyen yo voye nan izin kann Dominiken yo. Gouvènman l lan kase ponyèt sitwayen peyi a kategorikman, pran lajan yo sitou nan “Mouvman Rekonstriksyon Nasyonal” li a, sa jiris rele yon vil “konplètman imajinè” ki rele “Duvalierville”.

O kòmansman, gouvènman Duvalier a te jwenn yon alye nan lit Gè fwad la ki t ap dewoule jis nan lòt mwatye glòb terès la: Etazini.

Apre yon diplomat ayisyen te vote pou wete Kiba nan Òganizasyon Eta Ameriken, gouvènman etazini an dakò finanse yon gran ayopò, ki rele Ayopò Entènasyonal François Duvalier, Pòtoprens. Jounalis te rapòte aranjman an jeneralman kòm yon akò ban m m a ba w, men Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal la U.S.A.I.D vin fèmen katye jeneral li ki te fenk bati Pòtoprens lan akòz koripsyon nan gouvènman Duvalier a.

Apre Duvalier, ki te gen ti non “Papa Doc,” fin fè yon dezyèm kriz kadyak, li fè chanje konstitisyon peyi a dekwa pou jèn pitit gason li, ki te gen 19 an sèlman, te ka ranplase l. Jean-Claude Duvalier, yo te bay ti non “Baby Doc,” vin kontinye dominasyon kraze zo ak koripsyon papa l la. Letan pou manifestasyon fòse yo transpòte diktatè a ak fanmi l an kachèt nan yon avyon ameriken mennen yo Lafrans, li menm ak fanmi l te gen tan vòlè konbyen milyon dola, paske l te trete leta tankou yon “byen wa posede”, dapre sa yon ankèt gouvènman ayisyen te jwenn.

Pandan peryòd sa a, peyi a antre pi fon nan mizè. Sou chak 4 granmoun pa menm gen yon sèl ki konn li, dapre yon rapò Bank Mondyal an 1985. Ant yon ka ak mwatye timoun Ayiti soufri gwo malnitrisyon. Anpil nan yo se andeyò kote plantè kafe jwenn mwens pase sa yo te konn touche anvan rejim Duvalier a.

Apre Jean-Claude Duvalier pati kite peyi a, yo leve taks kafe a pou premye fwa pou yon peryòd pi plis pase 100 lane. Men sa te yon ti kras twò ta.

Plantè te toujou ap kiltive kafe plizoumwen menm jan an depi apre revolisyon an, nan ti jaden tou piti, kote pye kafe yo te pouse poukont yo natirèlman, melanje ak pye bannann, pye zoranj, ansanm ak fèy legim. Pa te janm gen yon efò gouvènman an pou devlope endistri sa a, avèk nouvo teknoloji, avèk angrè oswa avèk nouvo kalite kafe.

Gwo rekòt ki t ap bay anpil anpil pwodui pandan plizyè jenerasyon epi ki te peye bann dèt peyi a, te “tankou bèl mèvèy”. Se sa Jobert Angrand di, li se ansyen dirijan Enstiti Nasyonal Kafe Ayiti a epi minis agrikilti sa pa gen lontan.

Epòk 1980, kafe a vin an bès. Ti plantè malere kòmanse koupe pye kafe yo te genyen pou yo ranplase yo ak kilti ki pouse pi vit pou y al vann. Sa vin lakòz ewozyon. Nan zòn Dondon, plantè ki pa t kab wè Sitadèl la lontan pandan yo nan jaden yo akòz gwo touf fèy ki te konn bare yo, vin wè l byen klè toudenkou. Espòtasyon kafe kòmanse bese rapid.

Mesye Angrand di: “Se sa ki pwoblèm nan ann Ayiti. Yo pa fè okenn envestisman nan zòn andeyò.”

Yon pòtre Jean-Bertrand Aristide, ansyen prezidan Ayiti, ki pentire sou yon mi.
Yon pòtre Jean-Bertrand Aristide, ansyen prezidan Ayiti, ki pentire sou yon mi.Credit…Chang W. Lee/The New York Times

Ameriken rive nan baryè kay Prezidan Jean-Bertrand Aristide anvan solèy leve 29 fevriye 2004. Yon diplomat ameriken ki antoure ak ofisye sekirite monte eskalye gwo kay la pou l rankontre prezidan an epi pou l mande l lèt demisyon l anvan l pran li pou mennen l ann egzil tousuit.

Mesye Aristide ki yon ansyen pè katolik ki te konn kritike diktati a ak tout fòs li sou lotèl legliz li nan bidonvil, ansanm ak Mildred Aristide, premyè dam nan, antre nan yon machin diplomatik pou y al ayopò, monte abò yon avyon ameriken sou pis la.

Pesonn pa t konnen ki kote yo ta prale menm nan moman sa. Se wete yo t ap wete yo nan peyi a.

Pandan avyon an ap fè viwonn anlè a, ak tout fenèt li bouche, dirijan fransè fin fou ap rele dirijan divès peyi afriken, y ap chèche ki moun ki dakò resevwa moun ki pral ansyen prezidan d Ayiti talè kon sa a, dapre Mesye Burkard ki te anbasadè fransè ann Ayiti lè sa a. Finalman, apre twa kote refize, Prezidan François Bozizé, Repiblik Sant Afrikèn, dakò.

Apre Mesye Aristide ateri Bangui, yon kapital plizyè milye kilomèt separe ak kapital pa l la, nan yon lòt kontinan, nonmen Toussaint Louverture lidè revolisyonè ayisyen an. Sòlda fransè te pran li an 1802 apre l te fin siyen yon akò pou lapè, yo trennen l an Frans epi yo voye l nan prizon san jijman sou yon mòn glase ki rele Jura kote li mouri 1 an apre.

Pawòl selèb Toussaint Louverture a se yon pawòl ki parèt nan anpil liv istwa d Ayiti: “Lè nou ranvèse m nan se sèl kò pyebwa libète moun nwa Sen Domeng nou koupe. Li pral pouse ankò gras a rasin li paske yo anpil epi yo byen fon anba tè a.”

Mesye Aristide te fè yon ti chanje pawòl yo. Li di: “Lè yo ranvèse m nan se kò pyebwa lapè a yo dechouke, men li pral pouse ankò paske se rasin Toussaint Louverture li genyen.”

Aprè, li vin pi dirèk: li di kèk medya ameriken yo te kidnape l, nan telefòn.

De ansyen kolonizatè Ayiti yo dekri aksyon tèt ansanm yo a alafwa kòm yon rapwòchman apre dezakò yo te genyen sou lagè Irak la ak yon misyon imanitè pou evite yon gè sivil ki te prèske eklate ann Ayiti.

Sòlda rebèl ayisyen te nan nò, yo menase yo ta pral pran kapital la ak Mesye Aristide avan lontan. Moun ki te pou Aristide ak sa ki te kont Aristide gen tan pete gwo goumen vyolan nan lari deja. Colin L. Powell, Sekretè d Eta ameriken, di deklarasyon Mesye Aristide ki di yo kidnape l la “ensanse”.

Men, Mesye Burkard, anbasadè fransè a, di jounal New York Times nan yon entèvyou sa pa gen twò lontan, Lafrans ak Etazini te monte yon “kou d eta” kont Mesye Aristide lè yo fòse l al ann egzil la.

E kwak demann Mesye Aristide fè pou Lafrans renmèt peyi a lajan l lan pa t rezon prensipal ki fè yo retire l sou pouvwa a, Mesye Burkard di ranvèsman Mesye Aristide la te gen yon avantaj an plis: sa tou bloke kanpay Mesye Aristide la ki t ap fè anpil bri, ki fè dega tankou yon grenad kote l tonbe a, ki menase eklate tout relasyon avèk tout ansyen koloni yo.

Mesye Burkard di sa fè mete l deyò nan peyi a “pi bon toujou”.

Marin ameriken k ap fè patwouy ann Ayiti an mas 2004, yon gwoup sipòtè Aristide ap suiv yo epi ap fawouche yo.
Marin ameriken k ap fè patwouy ann Ayiti an mas 2004, yon gwoup sipòtè Aristide ap suiv yo epi ap fawouche yo.  Credit…Michael Kamber pou The New York Times

Mesye Aristide te pran kou d eta deja, nan yon kou militè an 1991, mwens pase yon ane apre li fin genyen premye eleksyon demokratik depi diktati a. Men peyi a te eli l ankò 9 an apre epi li lanse kanpay restitisyon l lan an 2003, sou 200tyèm anivèsè lanmò Toussaint Louverture.

Avèk lajan Ayiti te voye bay Lafrans pou swadizan dèt endepandans la nan men li, li di peyi li te ka envesti nan tout bagay yo pa t an mezi genyen: lekòl, lopital, wout, traktè ak dlo pou peyizan.

Bòdwo li prezante se te: $21.685.135.571,48 dola.

Diplomat fransè pase chif sa a nan tenten, ni pou gwosè montan an ni pou presizyon li, epi kèk entèlektyèl ayisyen denonse sa kòm mwayen Mesye Aristide ap eseye pou l distrè moun sou pwoblèm peyi a epi pou li kenbe pouvwa a. Men, jounal Times te mande kèk ekonomis ak kèk istoryen pou yo egzamine kalkil sa yo; analiz yo fè jwenn kalkil Mesye Aristide yo te prèske egzak, petèt menm modere.

Gouvènman Aristide la te anboche kèk avoka entènasyonal pou yo rasanble agiman, ak yon espesyalis ki konn fè rechèch pou yo fè fouy nan achiv fransè. Jou 200tyèm fèt Endepandans peyi a Mesye Aristide selebre devan yon kokennchenn foul moun nan lakou palè nasyonal la, li pwomèt pou l ranplase salitasyon 21 kout kanno a ak 21 bagay li ta pral fè kou Lafrans ta peye restitisyon an, yon replik pou kout kanno kolonn bato Bawon de Mackau a te tire sa gen 200 lane.

Mesye Aristide te fè yon entèvyou ra ak jounal Times nan biwo lakay li nan yon katye tou pre Pòtoprens, ak estati tèt Toussaint Louverture pentire ann ò sou yon tab dèyè do l. Li mande: “Pou ki sa apre 200 zan, Ayiti pòv kon sa?”

Li di: “Nou te kondane pou nou viv nan povrete, pa povrete sèlman, nan mizè. Yon mizè total ki asosye ak 1825.”

Apre yo fè l kite pouvwa a, pa gen youn nan ranplasan li yo ki plede kòz la ankò. An 2003, gouvènman fransè a rejte demann restitisyon li a. Douz ane apre, Mesye Hollande rekonèt Lafrans dwe Ayiti yon dèt vrèman vre, anvan anplwaye li kouri deklare se pa yon dèt lajan.

Malgre tout bagay, Mesye Aristide ensiste li menm ak kèk lòt moun gen tan “simen plan nan chan an” pandan l ap fè remake alòske revolisyon ayisyèn nan te kòmanse an 1791, sa te pran anpil ane anvan esklav yo te vin gen libète, ak anpil lòt ane ankò jiskaske yo reklame endepandans.

Li di: “Koze sa a po ko fini.”

Bri feray pèl an fè k ap fwote sou beton an fè eko deyò koperativ kafe Vincent Ogé a. Travayè k ap itilize metòd ki pa janm chanje pandan plizyè jenerasyon, ap pele grenn kafe k ap seche nan solèy voye nan bourèt.

Nan koperativ kafe nan Dondon.
Nan koperativ kafe nan Dondon.Credit…Federico Rios for The New York Times

Bri feray pèl an fè k ap fwote sou beton an fè eko deyò koperativ kafe Vincent Ogé a. Travayè k ap itilize metòd ki pa janm chanje pandan plizyè jenerasyon, ap pele grenn kafe k ap seche nan solèy voye nan bourèt.

Pandan solèy ap kouche, plantè yo kòmanse rive, yo pote premye rekòt sezon an ki fèk soti nan jaden yo nan bokit ak nan sachè plastik epè.

Françisque Dubois, fondatè koperativ kafe zòn nan, di: “Tout benefis kafe a pa t janm al jwenn peyizan yo.”

Li di: “Menm si lajan an te tounen, li pa t ap rive jwenn nou. Li ta prale nan pòch gwo moun yo, tankou Duvalier, ki mete tout nan bank suis.”

Mesye Dubois chita sou yon chèz pay pou li resevwa kiltivatè yo nan yon chanm sonm kote yo trete kafe. A kote li gen yon travayè pye atè k ap tranpe kafe plantè yo pote a nan yon bokit dlo pou retire tout grenn kafe ti bèt pike. Apre sa, yo wete po kafe a, epi grenn ki rete yo, sa moun rele grenn kafe a, ale nan yon sitèn pou yo fèmante. Metòd la pa pi chanje pase sa depi gran pwosperite kafe Sen Domeng lan.

Se de twa plantè kafe Dondon ki tande pale de dèt endepandans lan, malgre wòl kle zansèt yo te jwe pou peye dèt sa a. Ti ponyen ki gen yon ide de sa di tèt yo te twò chaje ak lòt pwoblèm pou yo te reflechi sou enpòtans bagay sa a pou devlopman peyi a. Yo te twò okipe nan goumen ak mizè.

Grangou. Maladi. Dèt lajan lekòl. Gwo fado dèt pou antèman yon papa. Yon nèg soti nan koperativ la, li pase men nan figi l, epi, avèk tristès, li di li pa ka kenbe anyen nan tèt li depi lè pitit pitit li mouri ak yon lafyèv.

Rose Melanie Lindor, yon plantè kafe ki rete sou pa lòtbò vil la ki gen 70 an, di kon sa: “Ou oblije reziyen w ak mizè.” Senk nan dis pitit li yo mouri.

Tan pou Etienne Roberson antre nan koperativ la, solèy la te gen tan pentire pyebwa yo ak siwo myèl. Li te prèske fini lekòl segondè anvan fanmi l vin pa ka peye lekòl pou li; se li ki te konn plis pase pi fò nan moun yo sou kesyon swadizan dèt endepandans lan.

Li di: “Sa pa t bon pou peyi a. Lè nou t ap peye l la, se lè sa a peyi a vin pòv.”

Sou lòt bò wout tè a, Madan Present te deja fin keyi kafe mi sou pye kafe li yo pou jounen an, li pran yon ti moman esepsyonèl pou li kontanple istwa peyi li ak wòl zansèt li yo te jwe nan sa.

Li di finalman: “Si nou gen libète nou kounye a akòz kafe, sa fè m fyè.”

Apre sa, li tounen al travay.

Kontinye lekti

Milya Ayiti Pèdi yoMen ki jan yon bank fransè pran AyitiWall Street mande gouvènmanameriken an debake ann Ayiti.Gouvènman ameriken an dakò.Li mande reparasyon,yo ba li egzil

Men moun ki fè rechèch pou atik sa a Charles Archin, Harold Isaac ak Ricardo Lambert nan Pòtoprens; Daphné Anglès, Claire Khelfaoui ak Oliver Riskin-Kutz nan Pari; David Foulk nan Mont-de-Marsan, Frans; Sarah Hurtes epi Milan Schreuer nan Brussels; Allison Hannaford nan North Bay, Canada; epi Kristen Bayrakdarian nan Nouyòk.

Atik sa a se Faidherbe Boyer, Nicolas Andre ak Audy Alvarez ki tradyi li.

source: Rasin mizè Ayiti: Reparasyon yo bay Mèt esklav yo – The New York Times (nytimes.com)

Catherine Porter, a foreign correspondent based in Toronto, has reported from Haiti more than two dozen times. She is the author of a book about the country, “A Girl Named Lovely.” @porterthereport

Constant Méheut reports from France. He joined the Paris bureau in January 2020. @ConstantMeheut

Matt Apuzzo is a Pulitzer Prize-winning reporter based in Brussels. @mattapuzzo

Selam Gebrekidan is an investigative reporter for The New York Times based in London. She previously was a data and enterprise reporter for Reuters where she wrote about migration to Europe and the war in Yemen, among other stories. She has also covered U.S. oil markets. 

Comments are closed.