Pòdpè : Fòs Nou ak alye li yo anonse yap foule beton an mèkredi kap 31 janvye 2024 la.

879

01 – 29 -2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Plizyè òganizasyon de baz tankou Fòs Nòdwès Ini, Tout Ayisyen Konsène (TAK), poun site sa yo sèlman, nan tèt kole ak ajan BSAP yo pwomèt yo pral foule beton an nan jou kap mèkredi 31 janvye 2024 la.

Pou rezon sa a, kòdonatè Fòs Nòdwès Ini an, Paul Élie Faustin, nan tèt kole ak alye li yo notifye fomèlman direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la pou mande yo sekirite.

Manifestasyon sa a, ki konte demare anba lavil, pase sant vil pou al bout karenaj, konte pase tout mwa fevriye a nan lari a, toutotan ekip ki nan tèt peyi a pa lage pye yo.

Pi lwen responsab Fòs Nòdwès Ini an fè konnen yo deside bay yon kout men ak direktè depatmantal Polis branch Nòdwès la, ak tout avoka yo, ki konte dechouke ekip malfektè ki nan tèt Mèri Pòdpè a kap mache pran desizyon malatchont pou detwi komin nan, pami yo pòs ranson karenaj la.

Comments are closed.