Aktivite latè tranble: magnitid 5 touprè Jwanèzbou

733

06-11-2023

Jwanèzbou, Afrik Disid____(TRiboLAND) Yon latranblad latè sekwe pi gro vil Afrik Disid, Jwanèzbou byen bonè maten dimanch 11 jen 2023 a.

Komisyon jewolojik peyi Etazini kap anrejistre yon seri aktivite latranblad atravè lemonn, anrejistre yon gwoudou gwoudou magnitid 5 byen bonè maten dimanch lan. Dapwè ekspè yo, episant aktivite a te trouve li a 6 kilomèt Albèton, yon vil ki lokalize nan zòn sidès Jwanèzbou.

Ta sanble pa genyen oken rapò sou viktim ak gro domaj enpòtan. Se yon ti tranblemantè, ki klase kòm minè e ki pa kapab koze gro deblozaj.


Comments are closed.