Direktè depatmantal TPTC branch nòdwès la, deklare travay konstriksyon yo ap vanse malgre anpil kontrent

345

10\15\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Direktè depatmantal travo piblik transpò ak kominikasyon branch nòdwès la, msye Angelot Oracius, deklare nan mikwo korespondan Triboland travay yo ap vanse malgre genyen anpil kontrent.

Direktè depatmantal la soulinye divès kalite travay tankou: boulva twarivyè, nan dewoulen, kasav, konstriksyon kanal chan aviyasyon, tronson wout soti chansol pou rive Pòdpè elatriye…

Direktè depatmantal la, bò kote pa l deklare malgre gen anpil dlo ak labou, boulva twarivyè a ap vanse. Yon boulva kap konpoze de yon pis ki pral fasilite moto siklèt yo sikile lib e libè, totwa ak kanivo.

Sepandan nan zafè twonson wout chansòl-pòdpè a, pou direktè depatmantal la, espè TPTC yo teni kont de nòm ak estanda pou ekzekisyon twonson wout sila. Li kontinye pou di, dapwè etid yo reyalize sou sòl la, estime li pa apopriye akòz se zòn peyizan yo konn fè jaden, yo oblije koupe 30cm jiska 60cm depandamman de zòn nan pou rive jwenn sòl apopriye ya.

Konsa, direktè a soulinye travay drenaj yo, kòm yonn nan faktè ki pèmèt yo poko ka finalize twonson wout la e mande ak popilasyon nòdwès la, pou yo pran pasyans yon mannyè pou yo ka delivre yon machandiz de kalite.

Pou fini, malgre gen anpil materyèl ak materyo, pèson pa ko knnen kilè, ki jou, ki dat travay yo ap pran fen.

Genson Hyppolite

gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.