Me 8 bagay ou pa dwe jamè di yon fanm nan yon diskisyon malouk

0 625

(TRiboLAND) Disput, foustrasyon, kolè, fache, batay, kerèl, malkonprann, e rele nan yon relasyon se yon seri bagay ou jwenn e tande chak jou. Sepandan, pou kelke swa rezon an, genyen toujou anpil mwayen pou genyen yon kominikasyon santimantal. Fason ou pale, fason ou adrese kèk pwoblèm kapab fè yon pakèt gwo diferans nan moman kriz.

Gason ak fanm pa reyaji menm jan; e yo pa abode pwoblèm menm fason. Kidonk, yo pa entèpwete oubyen pwosès sa moun di yo menm jan. Anpil bagay ki di pafwa, kapab entèpwete mal e sa depan fason ke li di.

Lè yon gason ap adrese madanm li oubyen mennaj (boubout) li, fiyanse li pandan yon diskisyon malouk, gen kèk bagay li dwe pase sou yo. Sa ou di avèk bouch ou kapab kraze ou ranje relasyon an. Konsa, ou dwe pran anpil pwekosyon nan fason ou itilize “mo” ki souvan genyen anpil pwisans.

Me yon lis bagay ou pa dwe jamè di yon fanm, yon madanm, yon fiyanse, yon mennaj lè ou menm avè l fache:

“Okay, Padon…”

Pa janm di yon fanm “padon” paske ou vle di padon. Li genyen ase lisidite pou li fè diferans ant sa ki reyèl ak sa ki pa reyèl. Aktyèlman, li pi saj pou pa di anyen ditou paske li pa bezwen ke se li menm ki fòse w fè eskiz la. Si ou kapab, ki te bagay yo rafwedi pou yon ti bout tan e apwè avèk senserite fè eskiz si ou te fè reyèlman yon erè.

“Ansyen mennaj mwen pa tap jamè…”

Nenpòt ki fanm ap toujou santi yo vekse lè ou konpare li ak yon “eks” (ansyen) mennaj ou madanm ke ou te genyen. Fè yon parèy konparezon kapab mete w nan yon sèl grenn soulye. Sèl lè yon fanm asèpte yon parèy konparezon, se sèl lè wap konplimante l pou yon bon bagay pozitif ke ou pat jamè jwenn nan pwemye relasyon avan an yo. Apa de sa, ou pa gen oken dwa site oubyen konpare “eks” (ansyen) ou nan diskisyon yo.

“Ou pa byen nan tèt…”

Lè ou di yon fi ke li se moun “fou,” se tankou ou atake yon nich myèl ki tap dòmi. An jeneral, fi se moun ki trè sansib lè yon gason trete yo moun “fou.” Pa etone wè ke li moutre w vrèman ke li fou apwè ou finn di sa. Anpil nan mesye yo fè erè sa, lè yo rele patnè yo moun “fou.” Li pi bon pou rete kalm e chèche konprann pwendvi fi a tou olye ke ou rele l moun “fou.”

“Sispann Kriye la…”

Tout gason dwe konnen ke tout fanm sansib an jeneral. Yo toujou santi yon bezwen pou yo ekspwime santiman yo pandan ke yo ap pale ou pandan ke yo ap kriye sitou lè bagay yo twòp pou yo. Kriye ede moun diminye strès nan nivo sante e dlo dwe koule soti nan zye avan pou yo santi yo byen. Konsa, sispann di moun ou renmen an sispann kriye paske li reyèlman bezwen sa!

“Ou pa janm…”

“Jamè” se yon mo ki fò anpil. Li montre ke ou pa apwesye sa li fè ak kontwibisyon li bay. Fanm se moun ki delika e yo toujou santi ke yo devalorize sitou lè yon gason relate mo “jamè” san li pa konsidere tout yon seri fè ak verite; sa se bagay ki ka deklenche gwo deblozaj! Pa jamè di ke li pa jamè fè sesi oubyen sela. Konsa, sa ap kapab ba ou plis chans pou ou ratrape li pi byen nan diskisyon yo e sa ap ede sitiyasyon an pa dejenere.

“Se sa ki fè ou sanble ak…”

Fanm pa janm renmen gason kòmante sou aparans yo nan yon kontèks pejorativ. Yon gason pa erè kapab kraze apwesiyasyon ki lakay fanm nan avèk kèk mo ki ka andomaje e detwi santiman li pou plizyè lane oubyen pou tout rès vi li. Tanpwi, pa jamè di li bagay ki pa saj osijè aparans pandan yon diskisyon paske li pap janm bliye sa!

“Sanble ou genyen peryòd ou”

Kòmantè sa, se pi gwo vye kòmantè ou dènye bagay ke yon gason ta di patnè li. Ou reyèlman pa ta bezwen li santi li koupab oubyen defansiv fas a yon bagay natirèl ke li pa menm genyen kontwòl sou li! Itilize yon parèy atak pandan yon diskisyon tèt chaje se yon taktik ki ensansib e san sans. Pa janm kite “mo” konsa soti nan bouch ou ankò!

“Relax”

Ki sa, sa vle di menm? Depi mat mache mwen poko janm jwenn yon fanm ki relax apwè yon gason mande l pou li relax pandan froustrasyon. Lè bagay yo cho, dènye bagay yon fanm ta renmen tande se “relax.” Se evidan li fache e li besewn yon ti tan pou li resezi tèt li, konsa pa pran an konsiderasyon reyaksyon fas a yon bagay ki pa fè l byen se mete apse sou klou! Li pi bon pou fèmen bouch ou, si ou pa gen anyen pou di.

Koze Fanm, TRiboLAND.com

Leave A Reply