Yon gwoup sivil ap fè demach pou gen konstwiksyon plis baryè sou 388 km fontyè ki separe repiblik Dominikènn ak Ayiti

0 345

Sen Domeng___(TRiboLAND) Pwezidan gwoup Fasad Sivik ak Sosyàl la, Isaias Ramos mande popilasyon dominikènn nan yè Vandredi a pou egzije gouvènman an kontinye bati plis baryè sou tout perimèt fwontyè ki separe repiblik Dominikènn ak Ayiti.

Ramos kontinye pou li di ke li si difisil pou transpòte imigran ilegal yo sou fwontyè a, “kote ke jodi a genyen anpil sitiyasyon kaotik, dezòd, anachi an ensekirite kap afekte souverènnte nou ak sekirite sitwayen e otorite nou yo.”

Se pa ditou ase pou konstwi 50 oubyen 60 kilomèt lizyè sèlman. Tout sa, ap senpleman chanje operasyon imigran ilegal yo e bay yo yon ti difikilte tou piti, dapwè alatèt òganizasyon Fasad Sivik ak Sosyàl, Isaias Ramos.

Leave A Reply