Senlwi Dinò : plizyè seksyon kominal gonfle ponyèt yo pou eradike fenomèn gang ame

2,026

10/20/2021

Senlwi Dinò______(TRiboLAND) Group gang sangwen ame kap feraye depi kèk lane nan komin Senlwi Dinò, patikilyèman nan 4èm seksyon, achte lokalite yo lajan kontan, yo rache separe, defye otorite kominal yo, fòse abitan leve kouri, touye e fouye twou antere moun nan lakou lakay yo egalman, dapwè yon latriye temwànyàj abitan ki kouri kite zòn 3èm seksyon.

Fas ak yon parèy kalvè kwonik e revòltan, divès popilasyon an nan divès seksyon deside e gonfle ponyèt yo yon fason pou yo pa kouri devan kriminèl bandi sangwen ankò, sinon ke mache pran yo! Sa genyen pwèske 15 jou depi popilasyon an te bat chalbarik dèyè malfektè yo ki te pran anpil kout boutèy, baton gayàk, koulin ak kout wòch. Pèp souvren arive jere 8 nan manm yon gwoup gang ki te genyen nan tèt li wà Izrayèl. Plis pase 50 manm gang oblije pran lyann kote ke yo al pran refuj jis Pandi, tou pwè Gwo-Mònn, depatman Latibonit.

Detèminasyon pou pote afwontman yo ale nan kan gang yo pa piti nan tèt popilasyon an. “Yo deklare ke yo fout bouke e sèmante ke yo pap kouri pou sangwen ankò”. Yon detèminasyon ki fòse bandi yo vole gagè e fè sèmafot nan mande popilasyon an padon atravè yon mesaj vokàl.

Se yon veritab mobilizasyon popilè nan tout rakwen pou eradike fenomèn gang lan nan plizyè seksyon kominal kote ke sitwàyen yo, gason kon fanm tonbe nan yon veritab bwigad vijilans nan veye anwo ak anba, lanwit kon lajounen ak tout kalite zàm ak teknik pou pa kite fenomèn gang lan pa vinn pran jarèt ankò.

Li enpòtan pou sinyàle, nan mesaj chèf gang yo voye bay popilasyon an, yo fè sonje bèl epòk akolad yo te genyen avèk lapolis e menm ede lapolis fouke moun ak zàm ilegal e trennen yo nan komisarya Senlwi Dinò a.

Pascal Adiny, Radio Phénix

Comments are closed.