Me 5 bagay ki ka fè lavi w pi difisil

518

(TRiboLAND) Se enteresan pou yon moun wè ki sa lè ou an konfiman kapab ede ou reyalize lakay.  Pandemi kowonaviris la ede anpil moun akonpli yon kantite bagay ke yo pat kapab akonpli nan tan nòmal. Li ede moun konprann ke lavi moun pase tankou yon lafimen, men li ede tou nan apwesye moun pi plis toujou.

Peryòd konfiman ede nou fè retwospeksyon nan vi nou, nan desizyon nou, e sa nou ta renmen akonpli e abitid ke nou bezwen pou ede nou adapte oubyen angaje nan yon bagay ki kapab fasilite w arive akonpli objektif ou. Eske ou konnen ke gen kèk abitid ki kapab rann lavi w malere?

5 vye abitid ki ka rann lavi w mizerab

Fonksyone san bidgjè

Viv lavi se youn, viv avèk yon bidjè se yon lòt bagay. Fason nou deside pou nou depanse lajan nou, petèt gen dwa pa nesesè nan moman sa sepanda, pi devan lap nesesè, e lap fè efè. Manje deyò ak pran yon taxi moto pandan ke ou te ka mache ou byen itilize bisiklèt kapab parèt ok pou ou koulya; men ki dènye fwa ou chita pou wap evalye ou adisyone tout ti depans sa yo nan fen mwa a ou byen nan fen ane a, wap sezi wè ki kantite lajan ou depanse? E pa fwa gen moun kap mande kote lajan yo touche a fè? Tandiske kantite ti depans sa yo ki tounen yon gwo montan te kapab sèvi nan lòt bagay ki pi pwesan e vital.

Se yon devwa, antan ke moun ki sousye pou lavi w drese yon bidjè pèsonèl ki kapab regularize sa wap economize, depanse, konbyen ke ou dwe mete sou kote tou pou distraksyon ou oubyen yon ti pòsyon an ka dijans. Sonje, otomatikman ou drese yon parèy plan, ou dwe reyèlman atache avèk li. Eseye fidèl tout otan ke ou kapab! Pa kraze plan an e apwè pou ou al rekòmanse ankò.

Sonje, viv yon vi kote ke men w pa ka rive, se kraze tout chans pou yon plan estabilite finansyè.

Ou pa dòmi ase

Kantite tan pou yon moun dòmi dapwè rekòmandasyon syantifik se 7 – 9 èdtan somèy chak jou. Si ou se yon moun kap travay tout lajounen san panse bay kò a ase somèy, ou menm jan ak yon moun kap rale yon bourèt devan dèyè. Se tankou wap fouye pwòp twou pou w antere pwòp tèt ou!

Pa gen manti nan sa! Manke dòmi ap afekte fòs pwodiksyon ou, tanperaman ou, sistèm iminute ou, ogmante nivo strès ou e kapab genyen gwo enpak negatif sou       sante fizik ou ak mantal ou.

Nou tout ap eseye viv an bònn sante pou yon mèyè vi. Tanpri, kòmanse pa bay tèt ou ase tan pou yon bonjan kalite somèy. Mete telefònn pòtab, laptop, tablèt entelijan, etc… byen lwen kabann ou pandan wap ede kò a revitalize tèt li pou yon lòt joune travay.

Nan tande twòp moun

Se riske lè yon moun ap mache di tout moun biznis li. Se vre pa gen moun ki pa renmen moun pran pitye pou yo oubyen rekonfòte yo! Gen yon moun ki di m yon jou ke se pa tout moun kap kriye pou ou ki toujou nan enterè w? Gen moun ke ou genyen nan baz ou ki reyèlman detèmine pou kanpe avèk ou, sipòte ou jiskaske ou reyisi. Men, gen sa yo tou ki fè tankou yo avèk ou, yap rejwi lè yo tande ke ponyèt ou pwi nan moulen. Anplis, yap fè tout bagay anba anba pou sabote tout sa wap fè. Si ou toujou di moun biznis ou, tankou sa ou konte mete sou pye e pwi ou swiv konsèy moun sa yo, ki garanti ou genyen nan onètete konsèy sa yo, eske yo te soti nan kè yo ki konsyan ou sensè.

Li toujou bon pou ou genyen sèlman 1 ou 2 konfidansyèl ke ou kapab konfye tout sa ou genyen oubyen konte fè. Moun sa yo ki manifeste sipò yo ak tout kè yo pou ou, kapab ba ou bon konsèy e menm jwi konfyans ou nan lide yo pap ale deyò mete tout sa ou genyen nan lari e fè moun pou ou!

Ou mare ak ansyen mennaj ou mari

Rezo sosyàl yo rann li fasil pou moun arive jwenn ansyen zanmi, ansyen mennaj ou boubout ke ou pat menm espere rejwenn. Se vre yo se yon bon konpa ki ede w konekte men sa pa vle di ou oblije chèche. Sonje, nan ki sikonstans ke moun wap eseye chèche yo te retire yo nan lavi ou? Ki enterè oubyen ki sa rejwenn moun sa yo pral fè pou vi w koulya? Ou vle di m, se koulya ou ta renmen rapwoche ou bò kote moun sa yo ki te kite kè w ap dechire! Pou ki sa la? Gade, mete fanm sou ou? Bay tèt ou yon lòt opòtinite pou li benefisye resous ou konesans kap degaje nan lòt kalite anviwonnman ki pa toksik men pwodiktif.

Verite a se sa! Gen moun ki antre nan vi ou se pou yon rezon byen detèmine. Avèk yon ajanda anbachal, yap antre pran e osito yo jwenn sa yo bezwen an, yo jete yo. E si ou gen malè kontinye ap pran moun sa yo kòm baz ou, se wè wap wè wap toujou dèyè kamyonèt la nèt ale.

Antouka, evite ap chèche konnen ki sa ki rive yon moun ki te blese w avan e abandone w pou sa li te wè ou pat vo pou li. Konsa, si ou estime tantasyon kapab sedwi ou, senpleman bloke moun ou dwe bloke sou pòtab ou, limite kontak ou oubyen asosyasyon w onivo rezo sosyàl yo, ki se yon espas pafwa toksik ki kapab detwi relasyon ou, fwaye ou e menm karyè ou.

Chita sou sa ki pase

Akote eseye rekonekte avèk ansyen zanmi, mennaj, e latriye, pwograme tèt ou pou pa fokis anpil sou sa ki te pase, espesyàlman erè bò kote pa w. Mwen konnen se fasil pou nou di li, men fè li se yon lòt bagay! Tout moun gen difikilte pou yo arive kontwole panse yo chak jou. Men lè ou arive kontwole ou kanalize panse ou pou li fokis plito sou sa ki te “bon” ou pozitif ke sa ki “pa bon” ou negatif, wap devni yon moun ki ere!

Li pi fasil pou moun fokis nan sa ki “pa bon” ke sa ki “bon”. Nou tout genyen yon pwedispozisyon pou toujou konvèje nan sa ki mal la ke sa ki byen an! Konsa, tandans sa fè nou atire bagay mal ki te pase yo sou nou e menm kite yo pran kontwòl vi aktyèl nou. Nou pa ka chanje sa ki te pase men nou kapab aprann de yo. Sonje, fason ou vle viv lavi ou detèmine avni ou. Bagay ansyen yo toujou ale men yon mèyè avni toujou rete la ap tann ou.

Comments are closed.