Anviwon 30 moun mouri sispèk nan kolera LONU an e plis pase 70 lòt enfekte nan divès lokalite nan 7èm seksyon kominal Tigwav.

892

01-07-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Anviwon 30 moun mouri sispèk nan kolera LONU an epi 70 lòt enfekte soti 14 desanm pou rive 07 janvye 2023. Se deklarasyon kòdonatè kazèk 7èm seksyon kominal Tigwav, Petion Franckèl fè nan kad yon rankont ak laprès aprè midi samdi 7 janvye 2023 a.

Kazèk Petion Franckèl ki presize li pa konnen ki sen pou yo adrese devan sitiyasyon malouk sa a. Peyizan yo ap andire anba kolera LONU an.

Administratè seksyon an, fè konnen pa gen moun ki alabri; ni gason, ni fanm, ni timoun piti trape kolera a. Mete sou sa, yon sèl sant sante yo genyen; li fèmen depi plis yon lane akòz leta pa peye doktè ak enfimyè san konte absans materyèl ak medikaman pou fè fonksyone sant sante a.

Toutfwa, prezidan katèl kazèk 7èm seksyon kominal Tigwav, Petion Franckèl, mande Ministè Sante Piblik ak popilasyon (MSPP) pou mete yon sant tretman kolera nan seksyon an. Yon fason pou evite plis moun mouri sispèk nan kolera nan seksyon lap dirije a.

7èm seksyon, 8èm seksyon, 4èm seksyon, 12ème seksyon, 1è seksyon, 10èm seksyon (Nan Pèsent, Nan Sinistre, Wo Ri Benwa, Tiginen ak Lakil), se kèk seksyon kominal ak plizyè zòn nan vil Tigwav ki deja frape anba kolera LONU an.

Comments are closed.