Peyi Almay finalman rekonèt e mande peyi Namibi padon pou jenosid masiv pandan kolonizasyon an

621

05/28/2021

Bèlen_____(TRiboLAND) Finalman, apwè anpil rale mennen vini avèk bwàs, ak bonjan negosyasyon avan yon antant, peyi Almay kenonèt fot li ki gen pou wè avèk yon seri jenosid apati kòmansman ventyèm syèk la kont popilasyon Herero ak Nama nan peyi Namibi. “Nou kalifye evènman sa yo pou sa yo ye: “jenosid”, dapwè minis Afè lòt bò dlo pey Almay lan, Heiko Maas.

Heiko Maas rabat pou l di : ”Nou pràl mande Namibi padon pou tout fot, dega, ak atwosite ke nou te komèt sou yo ”.

Antouka, yon parèy rekonesans “C’est ma faute”, pa ditou ede peyi Namibi avèk yon dedomajman ou yon reparasyon ki te kapab jistifye yon penalizasyon. Konsa, peyi Almay pwefere akòde ou soutni yon seri pwojè enfwastrikti nan benefis popilasyon Herero ak Nama yo ke pwisans kolonyàl alman an te masakre masivman nan kòmansman ane 1884. Yon milyà ewo pràl vèse pandan trant lane pou egzekisyon pwojè sa yo.

Nap raple, se palman tou 2 peyi yo k’ap genyen pou ratifye yon parèy akò nan Bundestag nan mwa kap vini yo. Antouka, se yon etap istorik, kote ke peyi Almay rekonèt krim ou jenosid masiv ke li te komèt kont limanite. Li retire kò li pami peyi ki kontinye ap jistifye ou inyore jenosid masiv sa yo nan istwà kolonyàl yo.

Comments are closed.