Ayiti Sante: coronavirus Chinwa a fòse tout minis sante nan Karaib la reyini an ijans

0 406

Pòtopwens__(TRiboLAND) Minis sante peyi Dayiti a, Dr. Marie Greta Roy Clement pwal patisipe nan yon gwo reyinyon dijans kap fèt demen lindi 3 Fevwiye 2020 sou lobedyans Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) an kolaborasyon avèk Konsèy Karikòm sou coronavirus chinwa (2019-nCOV) ki koulya genyen yon pòte entènasyonal e ki klase nan kad ijans sante piblik.

Reyinyon sa ap rasanble tout minis sante nan Karaib la. Li pwal fokis sou konsiderasyon yon plan rejyonal ki pwal fasilite Ajans Karibeyènn Sante Piblik (CARPHA) ki se yon pwensipal enstitisyon sou kesyon sante piblik nan KARIKÒM mete an plas yon ekip solid pou entèvansyon dijans ak lòt efò pou bay jarèt ak plan stratejik ki pou ranfòse vijilans nan tout pwen dantre yo nan rejyon karaib la. Pandan ke 26 peyi deja detekte yon seri ka coronavirus chinwa (2019-nCOV) la, Kominote Karaib la (KARIKOM) detèmine pou pwan yon seri mezi prevantiv avan ke gen rèl kay makorèl!

Nap raple, depi pwemye ka koronaviris kit e revele nan mwa Desanm 2019, nan vil Wuhan, nan pwovens Hubei nan peyi Lachinn pou rive jodi 2 Fevwiye 2020 an; gentan genyen 14,380 ka ke yo deja anrejistre. Pami yo ou jwenn 167 ka ki nan lòt 26 peyi andeyò Lachinn.

Me lis peyi ki gen kay o selon OMS/Ministè Sante Lachinn: Macao (7), France (6), Vietnam (6), Émirats arabes unis (4), Canada (4), Russie (2), Royaume-Uni (2), Italie (2), Philippines (1), Espagne (1), Suède (1), Népal (1), Cambodge (1), Sri Lanka (1), Finlande (1) Inde (1), Japon (20), Thaïlande (19), Singapour (16), Hongkong (13), Corée du Sud (12), Australie (12), Taïwan (10), Singapour, Malaisie (8), Allemagne (8), e États-Unis (8).

Leave A Reply