Yon konplèks touristik kap koute $130 milyon US pou dezyèm vil Repiblik Dominikènn nan

0 526

Sen Domeng___(TRiboLAND) Plizyè konpayi pami yo ou jwenn Grupo Ágora, Grupo Hilton and Trust Hospitality anonse yè Jedi a konstwiksyon yon gwo konpleks touristik nan Santiago, dezyèm pi gwo vil Repiblik Dominikènn pou yon valè $130 milyon dola US.

Dapwè lapwezidans, se pwal pi gwo envèsman ki pwal fèt nan vil la depi plis pase 15 lane. Se te konfime ke pwezidan Danilo Medina te rankontre yè Jedi a avèk gwo alatèt konpayi konstwiksyon sa yo.

Pwojè a ap rele “Santiago Center,” dapwè Miguel Barletta, repwzantan Gwoup Ágora. “Akote yon pakèt chanm ak shop nan pwojè a, ap genyen tou yon bon valè nouvo restoran ke yo ap entwodwi tou,” dapwè minis Touris, Fransisco Javier Garcia.

Jan envèstè yo detaye sa, akote otèl la, Santiago Center” ap genyen tou yon Convention Center ak divès lòt zònn pou shopping.

Leave A Reply