Yon lòt fiziyad nan yon legliz nan Florid okazyone lanmò 2 moun apwè yon fineray

0 344

Riviera Beach/Florid____(TRiboLAND) Anpil kout zam chante! Bilan, 4 moun pran bal, 2 nan yo gravman grav apwè yon fineray jodi Samdi apwè midi a nan yon legliz nan Riviera Beach ki a sis kilomèt zònn Nò West Palm Beach, Florid, selon responsab polis yo.

Fiziyad la te rapòte yon ti tan apwè 2:30 pm nan Victory City Church, kote ke yon ti gason 15 lane ak yon mesye mouri sou plas. Yon fanm ak yon lòt jènn te pran katouch tou e yo te pwese pwese kouri transpòte yo lopital pou swen dijans, dapwè depatman polis Riviera Beach nan yon konferans depwès.

Pastè Senyò legliz la ki se, Tywuante D. Lupoe, deklare nan yon pòs facebook ke konkregasyon an ap lamante sou disparisyon “2 jènn gason nwa akoz yon fiziyad ki pa menm gen oken sans.” Jiska pwezan pa genyen oken arestasyon ki fèt.

kredi foto: WPTV

Leave A Reply