Lachin fwanchi yon etap istorik : son espasyàl Tianwen-1 ateri sou planèt mas la

465

05/15/2021

Peken_________(TRiboLAND) Osito son espesyàl Tianwen-1 chinwa a ateri sou sufas Màs la jodi samdi 15 me 2021 an, Lachin otomatikman plase kòm twàzyèm peyi ki arive touche planèt wouj la.

Dapwè sa ajan pwès Eta Xinhua fè konnen, yon “rover” (jeep) 6 wou ki pote non “Zhurong” ki tap pran anpil “sakad pandan 9 minut” pou te remonte an sufas, finalman ateri sou yon gwo plèn ki pote non Utopia Planitia nan emisfè nò a.

Definitivman,  misyon Tianwen-1 vin fè peyi Lachin jounen jodia plase kòm yon pwisans espasyàl, e li se pwemye peyi egalman ki arive òbite, ateri e menm lage yon “rover” sou planèt wouj la pandan pwemye misyon li.

Se yon veritab jalon istorik pou Lachin. Nan ti pale ke li t’ap fè pou felisite ekip misyon espasyàl la, pwezidan chinwa a, Xi Jinping bat gwo bwavo pou yon parèy reyalizasyon istorik. “Yon parèy akonplisman pral grave etènelman nan memwa peyi a ak pèp chinwa a. Ou plase peyi ou pami sa yo ki avanse nan domèn eksplorasyon planetè”, dapwè pwezidan Jinping ki tap fè lwanj pou peyi li.

Zhurong, nan metoloji chinwaz la vle di “dieu dife ak lagè”; konsa, rover a ap genyen pou li apante lye aterisaj la avan pou li antrepran yon seri etid sou klima ak jewoloji planèt Màs la yon fason pou detekte tras lavi. Kote ke Zhurong ateri a, li byen lwen ak kote ke rover Persévérance NASA a te ateri nan mwa fevriye nan zòn kratè Jezewo ki a 2000 kilomèt.

Comments are closed.