Bilan pasyèl pasaj tanpèt ISAIAS nan Nòdwès

292

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès vandredi 31 jwiyè 2020 an, otorite Pwoteksyon Sivil yo nan Nòdwès drese yon bilan pasyèl sou kantite dega tanpèt ISAIAS koze atravè depatman Nòdwès la.

Selon Kowòdonatè Teknik Pwoteksyon Sivil branch Nòdwès la, Agr Rétone José, pasaj tanpèt la touche plizyè sektè nan Nòdwès tankou:

1) Sektè Transpò: wout yo nan Nòdwès ki te déjà an movèz eta. Pasaj tanpèt ISAIAS vin rann aksè a pi difisil paske li totalman enposib pou machin, taksi motosiklèt oswa pyeton fè twonson wout Pòdpè-Jan Rabèl-Pòdpè. Kominikasyon ant komin yo vin vrèman difisil akoz dega dlo yo koze ni sou wout Ba Nòdwès (Jan Rabèl, Lakoma) ni wout Wo Nòdwès (Ansafolè, Dipon).

2) Sektè Lojman: Gwo rafal van ki t ap soufle sou depatman Nòdwès, pandan tout jounen jedi 30 jwiyè 2020 an, anba ak anwo tèt mòn yo sitou, lakoz van kraze answit pati ak anpil tèt kay nan zòn 6e seksyon kominal Pòdpè, lokalite Deside, Mòn Orelus, Boden ak 1e seksyon kominal Pòdpè. Nan komin Jan Rabèl, komin Chansòl ak divès lòt komin ankò, se menm senaryo kote Isaias kraze ansuit disparèt majorite kay malere ak malerèz yo te posede.

3) Sektè Agrikòl: Bagay ki pote non jaden bannann, ki pote non fwi tankou zaboka, mango, pyebwa forestyè, yo tout disparèt anba kòlè tanpèt tropikal ISAIAS.

Kowòdonatè Teknik Pwoteksyon Sivil branch Nòdwès la, Agr Rétone José fini pou di, pandan pasaj tanpèt ISAIAS, pa gen moun ki mouri men sou plan frastrikti woutyè, agrikòl ak lojman gen anpil defisi (pèt) ki anrejistre de fason pasyèl.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.