Yon nonm tire 2 moun nan yon legliz e pawasyen yo tire l apwè

0 376

Tekzas/Etazini___(TRiboLAND) Pawasyen nan legliz West Freeway Church of Christ nan Tekzas nan zònn Sid Etazini tire yon nonm apwè ke li tiye 2 fidèl pandan sèvis nan dimanch maten ki te 29 Desanm 2019 la. vè 10:57 a.m.

Li te vè 10:57 a.m. lè Lapolis ak Ponpye nan White Settlement te alète sou bwi kout zam ki tap chante nan legliz West Freeway Church of Christ dapwè sa sèvis Ponpye ki tou pwè legliz nan Forth Worth ta fè konnen. Konsa, lè yo te rive yo te konstate te gen tire.

2 pawasyen legliz la te desann sispèk la anba bal e mouri san bat apwè ke li te tire 2 fidèl adoratè, dapwè chef lapolis White Settlement lan ki tap fè elòj zak ewoyik 2 pawasyen yo ki te arive sove plis vi moun. Youn nan viktim yo te kouri transpòte nan yon lopital lokal e malerezman mouri yon ti tan apwè. FBI ouvwi pwese pwese yon ankèt pou chèche detèmine motif atak la.

Fiziyad ak sikilasyon zam se sa ki pa manke nan peyi Etazini. Kidonk, peyi Tonton Sam nan pami peyi ki gen plis zam kap sikile sou planèt la.

Leave A Reply