Bahamas: Yon fanm Jamayikènn rejete akizasyon trafik moun ki tonbe sou li

0 341

Naso___(TRiboLAND) Yon fanm Jamaikènn gen gwo akizasyon pandye sou tèt li nan fòse twa lòt fanm pwatike pwostitisyon pou li, pa arive libere sou garanti finansyè yè Vandredi 31 Janvye 2020 an nan yon tribinal nan Naso, Bahamas.

Avagay Jemison ki gen 29 lane aprann ke genyen 3 chèf akizasyon sou trafik kretyen vivan ki tonbe sou li lòske li te konparèt devan Majistra an Chèf la ki se Andrew Forbes yè Vandredi a.

Jemison ki inkilpe nan initye medam yo nan aktivite drivayèz, te plede inosans li e li genyen pou retoune nan tribinal 31 Mas pwochen pou jijman. Dapwè pwosekitè yo, Jemison marye ak yon sitwayen Bahamas; manmzèl komèt krim yo nan dat ki te 14 Janvye ak 24 Janvye 2020. Li pat genyen yon avoka nan moman li te pwezante nan tribinal la.

Leave A Reply