Majistra komin Jeremi an, Sylmatha Pierre, tanmen operasyon debleye zonn aksesib yo ,nan Jeremi jis pou fasilite lib sikilasyon.

882

02 – 14 – 2024

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Nan objektif pou fasilite lib sikilasyon nan popilasyon an nan Jeremi, majistra Sylmatha Pierre ak ekip li, anvan, pandan ak aprè aktivite kanavalesk yo nan Jeremi, tanmen operasyon déniche fatra nan zonn aksesib yo.

Sou keksyon, zonn site Sous Domaj ak wout Avyasyon an, opozan fawouch kont pouvwa Ariel Henry an, soude baryè depi plizyè jou, majistra Pierre fè konen, fòs legal yo, ap evite tout aksyon ki ka mennen nan afwontman gang fas ak lapolis.

Nan sans sa, prezidant komisyon kominal Jeremi an, Sylmatha Pierre ak lòt manm komisyon kominal lan, mande popilasyon an patisipe nan travay kap favorize tout timoun repwann chimen lekòl, nan jou kap vini yo. Pande madan Pierre rekonèt dwa pou moun manifeste nan limit la lwa garanti pou sa .

Comments are closed.