Senatè Willot Joseph kase mete nan men biwo sena a kap reklame materyèl enstitisyon an

0 406

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li fè soti jodi 21 Janvye 2020 la, biwo sena repiblik la kap fonksyone an kantite redwi mande tout senatè ke manda yo kaba ak anplwayè ke kontra yo ak sèvis yo sispann, gen yon delè 3 jou sèlman pou yo retounen tout materyèl enstitisyon an.

Nòt biwo sena disfonsyonèl la menase pase yon vitès superyè si tout fwa anafè yo ta kite delè sa pase san yo pa retounen materyèl yo bay Sekretarya Jeneral Sena ki ta sanble li alagoni.

Antouka, yon iltimatòm ki pa sonnen byen nan zòrèy youn nan senatè ki poko reyalize ke yo pa chèf ankò, mete de men nan tèt pou detrese bò tèt responsab yo nan biwo Sena kap trebuche a. Senatè Plato Santral la, Willot Joseph, deklare ke senatè ki mete nòt la deyò a se yon ekip moun ki pa konprann anyen nan anyen! Li menm estime se yon ekip swa dizan senatè ke Jovenel Moise te bay woulib e li depoze yo nan Sena a san onè; alòske se pa janm pèp ki te vote yo.

Willot Joseph ki deklare ke manda pal la se manda pèp la te bali e ki gen pou fini an Janvye 2022, te entèsepte komantè kèk senatè sa yo atravè yon gwoup “Whatsup”. Konsa, senatè a ki fè pati senatè kap kriye pou pouvwa yo, mande pou ti ponyen senatè sa yo mèyè respekte moun e li reyèlman pa konprann de ki lakyèl pou yo ap mande lòt kòlèg pou poto machinn ak tout lòt bagay leta ba yo. Pi lwen, senatè Plato Santral la trete biwo sena a kap mal mennen an kòm avadra ak makak.

Leave A Reply