Mèt Claudy Gassant: nominasyon e revokasyon pap padap

0 649

Pòtopwens___(TRiboLAND) Apènn li genyen yon mwa ak kèlke jou, ansyen Komisè gouvènman an kit e alatèt Unité de Lutte contre Corruption “ULCCL” pou de ou twa jou sèlman, Mèt Claudy Gassant jwenn revokasyon li jodi Mèkredi 22 Janvye 2020.

Modèl revokasyon sa yo pa etone popilasyon ayisyènn nan ki toujou kwè se pwatik anpil gouvènman Ayiti ki pa ka delivwe. Yon parèy revokasyon tonbe bab pou bab nan yon moman kote Mèt Claudy Gassant tap fè fas ak divès makrèl pouvwa ki anpeche li rele koukouwouj dèyè kòrisyon ke pwezidan Jovenel Moise vle eradike a.

Ranplasman revokasyon sa ki fèt san pèdi tan, fè Mèt Gassant yon lòt fwa ankò “ex-ex-komisè gouvenman.

Leave A Reply