Plizyè òganizasyon ki te asepte bay akò 11 septanm 2021 an tete, bay PM Ariel Henry 24èd tan pou li mete an egzekisyon tout sa ki te nan akò a.

1,482

10/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon lèt papye tenbwe ki soti ale jwenn Pwemye minis Ariel Henry ak yon kopi ki ale jwenn egalman ti miyèt Sena a ak plizyè anbasad, yon latriye òganizasyon sosyo-politik ki sinye akò 11 septanm 2021 an pou yon gouvènans apeze ak efikas, mete 2 men nan tèt lè yo gade ki kantite deplasman tòti kèpòpòz chèf gouvènman ap remèt nan pa deside mete an egzekisyon tout angajman ki dekoule de akò a jan sa te pwevwà.

Konsa, òganizasyon sa yo ki pa vle tonbe nan reselè ak mèt dàm nan jwèt pike kole Pwemye minis  Ariel la, bay yon iltimatòm 24èd tan pou li kòmanse mete an aplikasyon akò a jan sa te pwevwà a. Kidonk, yo menase pou yo retire tèt yo nan yon parèy akò, kote ke yo pat janm danse kole ak yon parèy klik.

Comments are closed.