Yo gwo bato kago arive ak yo kontenjan materyèl anjen lou nan Pòdpe

0 527

Yon bato kago transpòtasyon ki pote non “MAELYS II, Lome e ki pwèske gwosè yon teren footbòl antre e mouye nan pò dlo sale Karenaj a kèlke kilomèt vil Pòdpè ak yon katafal ekipman anjen lou yè ki te 20 Janvye 2020 an.

Sous ki ta soti anndan vant biwo delegasyon ak direksyon TPTC ta fè eta de demaraj lansman yon seri gwo travay nan site Kapwa Lamò ak kèk lòt zònn avwazinant nan depapman Nòdwès la. Renmen wè ak zenyè te gentan ogadavou pou fouye zo nan kalalou ou chèche konnen eske se pa nan rèv ke yo lè yo ap asiste gwosè kontenjan materyèl sa yo ap debake nan Pòpdpè.

Kago sa ki gen striktire metòd RoRo (Roule anlè, Roule lage) dapwè regilasyon transpòtasyon entènasyonal yo, tap lage mete deyò yon pakèt gwo ekipman sou yon ranp konekte ak atè. Pami ekipman yo ou jwenn: yon loadè, yon ekstravatris, yon bouldozè, yon greed, yon konpaktè, ak 22 gwo kamyon trwòk. Ekipman sa yo ki soti nan Lil Avach, pral fè dezyèm lo ekipman ki ateri nan Nòdwès. Kèk sou kredib konfime gen nan ekipman sa yo kap fè tèt pou Ba Nòwès pou antame yon seri pwojè woutyè; alòske kèk nan yo pral demare ak plizyè chantye nan vil Pòdpè ak Basenble.

Antouka, anpil moun gen kè yo sou biskèk e rete ap gade a ki sa tout inisyativ sa yo ap abouti. Sepandan, youn nan bagay ki sètèn, Pwezidan Jovenel Moise genyen mwens yon mwa ke li te vizite depatman Nòdwès; anpil moun ki te nan antouraj li pat manke lamante anba anba sou kondisyon yo te wè moun ap viv sou bout tè sa ke leta ak tout gouvènman toujou inyore.

Leave A Reply