Yon weekend chalè ak gwo kout zam nan 3èm Sikonskripsyon Pòtpwens

0 497

Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon lòt weekend cho ak gwo detonasyon kout zam manman penba an repons ak dènye iltimatòm Minis Jistis la, Lucmane Délile ki ta bay sitwayen pèsib kap viv nan Ville de Dieu 72 èd tan pou yo vide katye gansterize a; sinon leta pap responsab sa ki rive yo.

Gwo detonasyon kout zam otomatik bandi yo nan divès katye nan kapital te fè plis bwi ke deklarasyon minis jistis la. Konsa, li klè ke bandi yo ki gen divès zònn anba men yo montre trè klè ke yo plis ke pare pou afwonte leta a ki toutalman ajenou depi plizyè ane nan antre Sid kapital la, espesyàlman sou Bisantnè, Matisan e Fontamara.

Eske moun dwe atann ak yon lòt epizòd entèvansyon polisye rate ankò? Oubyen moun pwàl asiste machenn blende echwe ak kawoutchou plat ki denonse fleblès ak konplisite yon gouvènman iresponsab kap fè jwèt fiyèt lalo e tete lang ak pitit kriminèl li?

Antouka, dènye deklarasyon swadizan chèf gang Village de Dieu a, Izo nan mikwo yon jounalis nan kapital la, estime ke otorite yo ta konsidere gwoup gang vilaj la kòm pitit deyò konparativman ak gwoup gang “Baz Pilat”, ke yo pa sispann dolote.

Leave A Reply