Nòdwès Ensekirite : Bandi sangwen bay Lajistis yon iltimatòm nan lokalite Lakwà Sen Jozèf

2,692

05-30-2022

Lakwà Sen Jozèf, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan semèn ki sot pase a, Lapolis te arete anviwon 5 chofè moto ki asire transpò Lakwa – Pòdpè, nan stasyon moto yo, ki nan zòn Pon Manriboul. Selon sa otorite bay kòm detay, plizyè nan chofè moto yo gen sipsyon kòm moun ki se antèn nèg ak zam nan depatman.

Jodi lendi 30 me 2022 a, moun Lakwa leve sou gwo tansyon! Bandi sangwen bay otorite yo yon iltimatòm kote ke si yo pa lage chofè moto yo, jiska 2 jen 2022, se moun Lakwa Sen Jozèf kap peye sa.

Yon nouvèl ki boulvèse lòlòj tout rezidan Lakwa yo, paske bandi yo te pase nan lekòl yo pou anonse sa. Pou kontinye moutre froustrasyon yo, yo bat youn nan moun kap bay medikaman pou maladi filaeyoz byen bat maten lendi 30 me 2022 a.

Moun te kapab remake, plizyè pitit Lakwa te vin nan Pakè Pòdpè a jodia lendi a, pou mande sipò, ranfò ak pote sekou. Selon sa TRiboLAND remake, otorite yo poko ditou poze yon seri aksyon ki apropriye ak yon parèy menas ou iltimatòm.

Nap raple, sa pa gen lontan yon gro chèf gang ki pote non Eric touye yon granmoun gason e kèk jou aprè li te mete dife nan kèk kay sitwàyen yo.



Comments are closed.