Gouvènans avèk dekrè dapwè lis koulèv 7 tèt la

0 682

Pòtopwens___(TRiboLAND) yon sou ki nan antouraj lokatè Palè Nasyonal la enfòme Triboland ke pwezidan Jovenel Moise pa sispann jwenn kout fil avèk visit yon latriye senatè, depite, ak majistra ki ta sanble gen tèt cho akoz tèm manda yo ki kaba.

Dezyèm Lendi mwa Janvye se yon dat konstitisyonal pou mete fen nan tèm manda pèp la te bay divès sitwayen pou repwezante l nan bwàt leta yo. Antouka, zèl kat pou yon evantyèl konpwomi ta sanble nan 2 pla men ekzekitif la; posiblite pou resisite manda zòt ta sanble se “pote mimi bay makou.” Konsa, anpil nan advèsè politik pouvwa a pa ta dwe twò naif pou inyore ke yo pa fè pati koulèv sèt tèt pwezidan Jovenel pa sispann repete a.   

Kidonk, semenn Lendi 13 Janvye 2020 pa ta dwe yon supwiz dabò pou kèk majistra atravè peyi a ki ta deja figire nan yon lis dekrè “Bat chyen an tan mèt li” ke pwezidan Repiblik ta sanble konte mete an ekzekisyon pou fasilite “ti rès” la ale jwenn popilasyon ki pa janm jwenn anyen an depi plis pase 200 zan. Demach FENAMH yo ta sanble nan enpas!

Antouka, volum aganman kap mete apwètman pou rankontre pwezidan Jovenel Moise bay anpil tèt fè mal! Anpil moun estime pwezidan an kapab mete po fig anba pwòp pye li, si li pran chans ak ansyen rena sa yo ki nan yon ti bout tan gentan chanje an mouton.

Pami majistra ki antèt yon lis pwiyoritè ou jwenn: Mèrès Akayè a, Rosemila Petit-Frère Saint-Vil; Rony Collin, Mè Kwa Dèboukè; Mè Pòtopwens, Youri Chevry.

Leave A Reply