Ministè Jistis ak Sekirite Piblik lanse yon avi pou rekrite komisè gouvènman ki pròp, atravè tout 18 jiridiksyon peyi Dayiti.

1,197

05-30-2023

Jedi 1e jwen pou rive jedi 22 jwen 2023, se dat ministè jistis ak Sekirite Piblik fikse, pou òganize konkou pou majistra yo nan tout peyi a.

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon avi ki pote non Ministè Jistis ak Sekirite Piblik, jounen madi 30 me 2023 a, Minis Emmelie Prophète Milcé, fè konnen ministè lap dirije a lanse yon avi kote yo panse rekrite divès majistra ka pral gen pou patisipe nan konkou pou vin konble vid pakè yo, atravè 18 jiridiksyon peyi Dayiti, sòti nan dat 1e jwen pou rive 22 jwen, swa lendi pou rive vandredi,10h-2h 00.

Nan avi sa a, Ministè a fè konnen, yon moun kap gen pou patisipe men kisa lap bezwen kòm kritè:

-Fòk moun nan ta genyen pou pipiti yon lisans.

-Yon seve ki klè, kap gen pou prezante konpetans ak eksperyans travay li.

-Kopi divès lòt sètifika ak diplòm.

-Kopi nimewo idantifikasyon nasyonal oubyen nimewo idantifikasyon fiskal.

-Fòk postilan an ta dwe genyen pou pipiti 65 lane nan moman lap enskri a.

-Yon lèt motivasyon

-Yon sètifika bòn Vi ak Mès

-2 foto ki kapab pwouve idantite postilan an.

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik mete tout barikad sa yo, se dapwè prensip administrasyon piblik la, ki vle yon moun kap entegre Leta a, se nan konkou pou l pase. Fòmil rekritman sa a, pral pèmèt gouvènman defakto Ariel Henry a, ranplase komisè rakètè yo ki nan tèt pakè yo, yon mannyè pou chanje imaj jistis la nan peyi Dayiti.

N.B: Ministè a pako bay oken detay sou dat òganizasyon konkou a.

Comments are closed.