Yon gwoup militan politik rele aba pwezidan Jovenel Moise nan okazyon komemorasyon 12 Janvye 2010 la

0 435

Pòtopwens___(TRiboLAND) ”Aba, aba Jovenel Moïse, aba leta, aba “fo lidè” se dekalrasyon yon gwoup militan politik ki danse kole ak opozisyon an e ki genyen alatèt li yon komedyen Ayisyen byen konu Franzt Toussaint alyas “Mathias Dand’or, nan moman chèf deta a te twouve nan Memoryal Sen Kristòf pou salye avèk yon jèb flè memwa viktim latè tranble 12 Janvye 2010 yo ki te okazyone disparisyon plis pase 300,000 kretyen vivan nan Depatman Lwès la.

Gwoup sa ki pat sispann rele pwezidan “Fo Lidè,” e “manda Jovenel la deja revoke,” te pwèske nan konfwontasyon ak ajan CIMO yo ki tap eseye pran kontwòl sitiyasyon an ki manke vire an salmanaza.

Leave A Reply