Ansyen Majistra Komin Pòdpè, Morange Petit di latè babay

1,172

03-28-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Jodi madi 28 mas 2023, moun Pòdpè leve ak dlo nan je, pou kriye sou disparisyon ansyen Majistra Komin Pòdpè a, Morange Petit ki tap pran swen depi yon bon bout tan nan peyi Etazini. Ansyen atlèt footbòl nan Nòdwès la, mouri maten an vè minwi.

Moranje Petit te sèvi komin Pòdpè a, pandan plizyè ane kote li te bay tout li menm sou Administrasyon pa li a, nan travay komin lan. Anpil moun ki te toujou swete wè Morange Petit tounen nan kous la kòm majistra, vrèman fwape anba yon parèy lanmò sa.

Ke nanm defen an repoze nan lapè etènèl! Ke gran Jewova sèvi ranpa pou tout sa yo ke li kite nan lapènn.

Comments are closed.