PNH reprann komisarya Lyankou ki te anba men gang Kokorat San Ras, Lakwa Peris nan Latibonit

11 – 27 – 2024
Lyankou, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti santi li fyè pou reprann komisarya Lyankou, se yon reviman antouzyastik pou remedye lòd ak sekirite nan depatman Latibonit. Se yon gro pa ki pote lespwa ak konfyans lakay abitan yo, daprè sa ke sekretarya enstitisyon polis la mete deyò.
Se nan dat 25 janvye 2023, sou administrasyon Ariel Henry a ak tout reselè ak drivayè politik li ke group gang Gran Grif te fè dap piyanp sou komisarya Lyankou a nan depatman Latibonit. Se te reyèlman yon reviman tris ki te montre eta feblès otorite ayisyen yo fas ak zak gang kriminèl yo.
Antouka, yon seri foto kap sikile sou rezo sosyàl yo, montre genyen gro dispozitif ak travay reparasyon kap manniganse pou operasyonalize komisarya Lyankou a. Anpil moun pè pou se pa yon entèvansyon ponpye ki pral afebli pi devan avèk absans fòs lòd yo ki pa ditou konsistan nan kenbe sekirite a djanm.






