Repiblik Dominikènn: Agwikiltè yo mande pou yo sispann depòte Ayisyen yo

0 583

San Juan de la Maguana__(TRiboLAND) Si depòtasyon masiv ayisyen yo kontinye, sezon rekòt pwa a ka echwe, paske travayè ayisyen yo reprezante 95% pèsonèl kap travay nan domènn nan.

Se avètisman sa  divès lidè ki regwoupe gwo assosiyasyon plantè yo nan Repiblik Dominikènn fè Direksyon Jeneral Migrasyon ak Ministè defans pou pran yon kampo sou aktivite depòtasyon ayisyen yo jiskaske rekòt la, transpòtasyon an, debakman depi sou divès lokasyon jiska lokasyon ramsaj yo fini.

Moun tankou Alejandro Ramírez Bidó, Eladio Arnaud Santana, Stelin Montilla, Pablo de la Rosa, Henry Rodríguez ak Agustín Báez, ki se lidè pwensipal asosyasyon akwikilti a te fè nan yon chita tande ke yo te genyen avèk Kolonel Ramón Belén Pichardo, Kòmandan Twazyèm Bwigad Lame Repiblik Dominikènn nan.

Lidè agwikòl yo denonse tou fason militè yo antre nan fèm yo byen bonè nan maten, yo kraze pòt, mete men sou Ayisyen, e yo pran sou yo lajan, telefònn ak lòt bagay yo posede; yon aksyon ke yo konsidere kòm vyolasyon dwa moun.

Gran plantè yo estime ke pwosesis plante pwa a mande anpil travay. Konsa, travayè ayisyen an trè esansyèl pou akwikilti a menm jan li ye pou sèktè konstwiksyon an.

Leave A Reply