Polisye malfòme maltrete, krible e blese jounalis : yon moun mouri ak yon latriye lòt blese

1,097

10-30-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gro tansyon sòlòkòtò nan Delma 33 nan mitan jounen dimanch 30 oktòb 2022 a nan moman fòs lòd yo entèvni pou pouse do jounalis ak sipòtè Robest Dimanche ke lapolis maltrete anba chaplet e fouke jous nan komisarya Delma 33. Katchouboumbe eklate, polisye voye pye jiskaske yon sitwayen arive mouri san konte plizyè lòt blese.

Nan konpòtman gwayil ak iresponsab, fòs lòd yo arive tire Romelson Vilcin nan tèt nan moman yo tap trese lèl pou repouse jounalis ak lòt travayè lapwès ki yo menm te subi gro agresyon koup fizi ak kout kas ki tap afiche solidarite yo ak reklamasyon liberasyon jounalis yo.

Jounalis tankou Robest Dimanche, jounalis radyo Zenit te pase move moman. Alòske Raynald Petit-Frère, responsab Kolektif Medya anliyn te maltrete sovajman e entèpele.

Polisye malfòme ki genyen kouvèti gang, lage yon fwa ankò dràm ak dlo nan je yon popilasyon ki an agoni ak yon peyi kap efondre chak jou ki jou. Moun te kapab konstate, kò sanvi Romelson Vilcin tap naje nan san; li te barikade ak polis yo ki te trè sovaj ou agresif, ki te pran kontròl perimèt.

Nan jou sa yo, gang ak lapolis pa sispann reponn ak gachèt zam mòtèl pou ogmante plis dràm ak konstènasyon nan kotidyen ayisyen an.

Comments are closed.