Radio Marconi FM kontinye tradisyon solidarite ak timoun yo malgre difikilte tchotcho

242
0
Share:
TRiboLAND

01/01/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Radio Marconi FM, TRiboLAND an kolaborasyon ak plizyè patnè, kontinye kenbe viv tradisyon bay timoun yo kado chak 1e ak 2 janvye, malgre sitiyasyon difisil peyi a ap travèse.

Jodi jedi 1e janvye 2026 la, Me Schmitt Corneille, anpil moun konnen sou non Rambo, distribye jwèt bay plizyè dizèn timoun. Aktivite sa a te dewoule nan yon anbyans kè kontan, kote timoun yo te eksprime lajwa yo pandan y ap resevwa kado yo.

Se toujou ak anpil fyète ak emosyon Radio Marconi FM akeyi timoun sa yo, ki pa sèlman jwenn kado, men ki gen chans tou pale sou ond radyo a sou 91.5 FM, yon eksperyans ki vin tounen yon gwo sous motivasyon pou yo.

Nan okazyon nouvèl ane a, PDG Radio Marconi FM lan, Me Schmitt Corneille, swete tout oditè, kòmanditè ak kolaboratè yo yon bon ak erez lane 2026. Li reyafime angajman radio a pou kontinye amelyore sèvis li yo, pou Radio Marconi FM ki emèt sou 91.5 FM ak sou entènèt la kapab touche plis moun toujou atravè enfòmasyon ak aktivite sosyal li yo.

Share:

Leave a reply