Mèt André Michel akize Jovenel Moise kòm gwo Alatèt mouvman gang lan anndan peyi a

278

09\02\2020

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan plizyè entèvansyon ke li fè sou radyo nan kapital la, Me André Michel lonje dwàt jouda sou chèf deta Jovenel Moise ki se prensipal moun ki responsab proliferasyon gang nan kapital la. Chèf leta a ansanm avèk pati Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) li reprezante a, pa jamè kache rapò yo avèk aktivite gang anndan peyi a.

Me André te pase pran Chèf Lapolis la tou, Normil Rameau ke li konsidere kòm yon zewo onivo leadership avèk yon konpòtman kriminèl. Li akize Rameau kòm moun ki kanpe avèk Jimmy Cherisier alyas “Barbecue” pou konbat yon group polisye ke li pa vle wè alòke polisye sa yo te toujou ap konbat Barbecue nan teworize yon pakèt katye.

André Michel konfime ke Direktè Lapolis la te okouran de tout deblozaj ki fèt nan Bèlè yo. Li chwazi afiche yon konpòtman kriminèl pou li pa voye proteksyon bay popilasyon an ki ta’p rele sekou nan moman yo ta’p leve kouri kite zòn Bèlè. Pi lwen, André Michel raple Normil Rameau “La notion de négligence en droit penal”, yon wout ke Chèf la ta sanble deja pran pou li al reponn kesyon Lajistis nan tan k’ap vini yo.

An nou pa ka bliye moman PM Joseph Jouthe te deklare an piblik konvèsasyon li konn genyen avèk chèf gang yo; san konte divès lòt Gran Toryan PHTK ki abitye rankontre gro chèf gang yo lanwit.

Comments are closed.