Nòdwès : Radio Marconi FM selebre 2 lane egzistans li

852

07/30/2021

Pòdpè____(TRiboLAND) 30 jwiyè 2019 – 30 jwiyè 2021, sa fè de (2) lane depi Radio Marconi FM k ap emèt sou 91.5 nan vil Pòdepè, depatman Nòdwès, mete l nan sèvis popilasyon Nòdwès la.


Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi te rive chante anndan Radio an menm, jounen vandredi 30 jwiyè 2021 an anprezans fanmiy, kolaboratè, zanmi, sipòtè pou n site sa yo sèlman.

Rev. Pè Ronel Vildor e PDG Ychmut Corneille



Pwèt selebran an, Rev. Pè Ronel Vildor, nan omeli sikonstans lan, te mande pou Bondye lavi a gen je l fikse sou Radio Marconi FM, se pou li toujou akonpanye estaf Radio a; yon Radio li di ki la pou fòme, enfòme ak distrè popilasyon nòdwezyèn nan ki te toujou anpàn enfòmasyon.

Kanta PDG Radio a, Msye Ychmut Corneille, nan entèvansyon li te fè konnen jounen vandredi 30 jwiyè 2021 an se yon doub fèt pou li; pwiske fèt Radio Marconi FM makonnen ansanm ak anivèsè nesans li kote anplwaye yo te tou swete nimewo 1 Radio a, Ychmut Corneille Bòn Fèt!

Apwè swè a, anplwaye, zanmi Mesye Corneille te deklare 2 zan pa 2 jou pandan l ajoute pou di satisfaksyon l se pa Radio a men se pito bonjan akèy li jwenn bòkote kolaboratè li yo paske se gras ak sipò yo ki koz Radio Marconi FM ap fete 2 lane egzistans li. PDG Radio a, rapouswiv pou l mande pou Granmèt la kontinye ba li lasante paske rèv pa li se rive wè Radio Marconi FM, fè wout li atravè lemonn menjan ak anpil lòt estasyon radio.

Ekip TRiboLAND sou inisyativ PDG Mesye Louis Louissaint (Papa LouLou), swete Radio Marconi FM k ap emèt nan Nòdwès, vil Pòdpè anpatikilye, sou 91.5, ansanm ak PDG Ychmut Corneille, alyas Rambo, “Bonnes Fête”!
Se pou Bondye Lavi a kontinye elaji tèritwà Radio Marconi FM nan tout nivo.

Comments are closed.