7 LANE ANGAJMAN AK ENFÒMASYON : RADIO MARCONI FM AP SELEBRE 7YÈM ANIVÈSÈ LI

111
0
Share:
TRiboLAND

07/30/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) 30 jiyè 2026 make yon etap enpòtan nan istwa Radio Marconi FM, ki ap selebre 7 lane depi li te kòmanse emèt sou band FM la. Depi 30 jiyè 2019, estasyon radyo sa a kontinye fè chemen li nan peyizaj medyatik ayisyen an, pandan l ap ofri popilasyon an enfòmasyon serye, emisyon edikatif ak pwogram ki ankouraje devlopman kominotè. Yon fèt ki kowenside ak dat anivèsè PDG Radio a, Mèt Schmitt Corneille.

Malgre syèj sosyal li chita nan vil Pòdpè, Radio Marconi FM rive depase limit depatman Nòdwès la pou l touche divès lòt depatman nan peyi a, ansanm ak anpil Ayisyen k ap viv aletranje gras ak platfòm dijital li yo. Sou leadership Mèt Ychmuth Corneille, anpil moun konnen sou non Rambo, Radio a kontinye travay avèk detèminasyon pou bay piblik la yon sèvis ki baze sou kredibilite, pwofesyonalis ak respè pou etik jounalis la.

Pandan sèt ane sa yo, kolaborasyon ant Radio Marconi FM ak TRiboLAND Media Network, ki anba lobedyans Louis Marie Louissaint, pèmèt medya a ranfòse prezans li epi elaji misyon li. Ansanm, yo kontinye pote enfòmasyon, fòmasyon ak sansibilizasyon bay popilasyon ayisyèn lan, kit se an Ayiti, kit se nan dyaspora a, patikilyèman nan Kontinan Afriken depi 7 lane. Nan okazyon 7yèm anivèsè sa a, Radio Marconi FM renouvle angajman li pou kontinye sèvi kòm yon vwa ki pote verite, ankouraje devlopman, epi rete toupre kominote a.

Bòn fèt Radio Marconi FM! Bòn Fèt Mèt Rambo, se pou nou kontinye briye pandan anpil lòt ane ankò!

Share:

Leave a reply