Kanbòj: Plis pase 40 moun mouri anba yon bildenn ki tap konstwi e ki tonbe

0 358

BangKok___(TRiboLAND)  Yon gwo batiman sèt etaj ki tap konstwi tonbe yè Vandredi a nan vil Kep nan zònn Sid peyi Kambòj. Dapwè Khmer Times jounal, plis pase 40 moun mouri alòske operasyon sovtaj yo ki dire apepwè kèk jou pa arive jwenn moun ki ta chape. 

Yon total 23 moun te arive echape anba debri, e 36 kò san vi te dekouvwi anba debri dapwè Kun Kim, ke se pwemye vis-pwezidan pou Komite Nasyonal pou Dezas ak Manajman konfime nan jounal Khmer Times. Pami moun ki mouri yo, ou jwenn 14 fanm e 6 ti nosan.

Konsa, lapolis nan Kambòj pat pran tan pou te pwosede ak arestasyon pwopwiyetè bildenn nan ki se yon fanm ak yon gason. Kèk repòt medyatik konfime ke otorite lokal yo lage tout blèm nan sou vye kalite materyo pou konstriksyon ki koz bildenn nan tonbe.

Toujou dapwè jounal Khmer Times, pwemye minis Kambòj la, Hun Sen anonse yon anvlòp dedomajman pou viktim bildenn ki kolaps la. Fanmiy ki gen moun ki mouri yo, ap resevwa yon montan $52,500, alòske sa yo ki blese ou andomaje ap resevwa yo chak $10,000 US.

Leave A Reply