Palmantè ewopeyen yo menase pou voye jete bidjè lontèm ke 27 peyi apènn aprouve a

273

Briksèl____(TRiboLAND) Asanble a konteste bidjè a nan fòm li ye a e menase pou pa aprouve’l si li pa amelyore.

Plan relansaman ki apènn adopte pou bay peyi ewopeyen yo jarèt ekonomik aprè pandemic kovid-19 la, ta soti pouf è fos kouch. Paleman ewopeyen an menase pou pa aprouve akò sere sere 27 peyi swit a some marathon sou bidjè Inyon Ewop la, si tout fwa sa pa “amelyore.” Nan yon rezolusyon ki vote jodi jedi 23 jwiyè 2020 an, depite ewopeyen yo mete an koz plizyè chalenj.

Palman an dwe prononse’l nan fen ane a sou bidjè Inyon Ewòp 2021-2027 lan. Nan rezolusyon sa ki adopte jodi jedi a avèk 465 vwa “pou” (150 “kont” ak 67 absab), asanble a “konteste” bidjè a “nan fòm aktyèl li”, e deja montre ke li “prèt pou refuse bay konsantman li (…) jiskaske yon akò satisfezan kapab jwenn.”

Comments are closed.