Peyi Kanada sanksyone ansyen prezidan Michel Martelly, ansyen PM Laurent Salvador Lamothe e ansyen PM Jean Henry Céant kòm moun ki finanse gang nan peyi Dayiti

1,250

11-20-2022

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Otorite Etazini ak Kanada pap jwe sou siyasyon efondreman Ayiti a. Yon jounalis kanadyen ki pote non Louis Blouin e ki alafwa korespondan Radyo Kanada, anonse ke gouvènman kanada anonse ke yo sanksyone ansyen prezidan Michel Martelly, 2 ansyen PM: Laurent Salvador Lamothe ak Jean Henry Céant. Yo reproche yo kòm sitwayen malfektè ki patisipe nan finanse mouvman gang ame anndan peyi Dayiti.

Yon parèy nouvèl, ta pral jwen konfimasyon bò kote anbasadè kanadyen an nan peyi Dayiti, Sébastien Carrière ki lage yon tweet latranblad jodi dimanch 20 novanm 2022, aprè yon gro kòkenn chenn reyinyon ke PM kanadyen an, Justin Trudeau tap preside sou kriz plizyè tèt ayisyèn nan.

Selon otorite Otawà yo, yo mete anba kle fòtin dirijan annafè sa yo. Yon sous ki vle rete anonima bò kote yon seri gro palto ameriken ke TRiboLAND kapab fè konfyans, fè konnen: “sak kap fèt la, se trokèt la, men chay la dèyè. Se yon lis ki apènn kòmanse e menm yo menm ki ta sanble ap pirifye teren politik la nan peyi Dayiti, pa menm konnen jis ki kote ke yo ap rive”.

Antouka, manman pitit mare senti w! Yon lòt randevou kase pou piblikasyon yon lòt group sitwayen kòronpi ou dirijan malfektè ayisyen, ki obsede nan detwi pròp lakay yo.

Comments are closed.