Emi Kata : Nou pap kite zèfèyis jwèt mètdam fè nou kwè ke lavi timoun palestinyen yo pa konte tou”

1,056

10-24-2023

Istanboul_____(TRiboLAND) Emi Kata a, Cheikh Tamim ben Al Thani, mande pou ‘kanpe lagè a nan Gaza”, twòp san ap koule; e mande pou epanye sivil inosan yo anba konsekans konfwontasyon militè ant Palestinien avèk Israyelyen yo.

Se sa Cheikh Tamim ben Hamad Al Thani revele nan yon diskou li pwononse pandan ouvèti yon sesyon anyèl Konsèy katari Choura a. “Nou kanpe ankwa devan tout antite ki mete andanje vi malere sivil ou inosan, e nou pa danse kole ak jwèt woule’m debò, ki ta vle fè kwè ke lavi ti inosan palestinyen yo pa vle di anyen”, dapwè sa emi Kata a deklare jodi madi 24 oktòb 2023 a.

“Nou se patizan pou lapè e nap toujou kanpe avèk rezolisyon lejitim entènasyonal ak inisyativ arab la ki vize pou fè lapè ak Izrayèl, e nou mande pou “kanpe batay nan Gaza” a depase yon bagay ke moun pa janm wè, ak pou fèmen robinè san an ak pou epanye sivil yo.

Cheikh rabat pou li di, li enkonsevab pou “Izrayèl jwenn sipò enkondisyonèl ak otorizasyon san mezi pou touye ou ekstèmine, yon lagè ki pap pote oken solisyon, sinon ke ogmante soufwans tout moun”, dapwè Cheikh ki tap depoze.

Comments are closed.