Polisye pwomosyon “Renaissance” PNH yo mande 6 mwa aryere salè yo

0 356

Pòtopwens___(TRiboLAND) Polisye 29 èm pwomosyon “Renaissance” PNH la rive nan pwen enpasyans yo fas a pwomès ke chèf deta, Jovenel Moise te fè yo nan kad peye yo 6 mwa aryere salè yo ki kap trennen depi dig dantan.

Nan sans sa, ajans PNH yo moute okreno e repwoche pwezidan kòm moun ki pa onore dizon ke li te genyen avèk yo; yon pwomès ki genyen plis pase 2 mwa.

Mesye polisye ki pa wè ni moute ni desann e ki kontinye app ran lanm fas ak lavi chè, rele amwey pou fason leta iresponsab la apt rete kòm antite ki ap riske vi yo chak jou nan sekirite vi ak byen moun atravè tout peyi a.

Leave A Reply