Peyi Kiba kondane atak tèworis ameriken fè sou kòmandan Iranyen an

0 315

Madrid__(TRiboLAND) Minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Kiba a, Bruno Rodriguez Parrilla nan yon mesaj li mete deyò yè Samdi 4 Janvye 2020 an, kondane ak tout fòs li dènye atak Etazini fè ki okazyone asasina pi gwo kòmandan Lietnan Jeneral Iranyen an Qasem Soleimani.

“Nou kondane ak tout fòs nou fwap dwònn Etazini an sou Èpòt Bagdad la ak itilizasyon misil air-sol pou tagèt ak touye moun,” se sa Rodriguez Parilla ekri sou kont twitè li.

“Aksyon sa pral fè gwo leve kanpe nan Mwayen Oryan an, kote ke yon konfli pral deklenntche e ki pral debouche sou gwo konsekans sanzatann sou Lapè ak sekirite entènasyonal,” dapwè Parilla.

Lietnan Jeneral Iranyen Qasem Soleimani ak kòmandan Inite Mobilizasyon Popilè Irak la, Hash al-Shaabi – Abu Mahdi Al-Mohandes ki tap kite Ayewopò Bagdad nan 2 diferan machinn te sible e asasine.

Leave A Reply