2 swadizan bandi jwenn arestasyon yo nan Miragwànn

0 565

Miragwànn__(TRiboLAND) Fòs lòd yo nan lokalite Lomond, twazyèm seksyon kominal Miragwànn arive mete anba kòd yè Jedi 2 Janvye, Joseph Stéphane ki gen ti nou jwèt li “Gwomos” ak Jean Rayons ki gen ti non jwèt li “Dyablay.”

2 pwetandi manb gang “BLTS” nan Chalon sa yo te jwenn arestasyon avèk 2 kalib. Konsa, gwo akizasyon malè pandye tankou vyòl, asosyasyon malfektè, detansyon zam san pèmi, vòl wo lamen, ak anpil lòt tankou enplikasyon yo nan asasina polisye Richardson Vigne André 19 Novanm 2019 nan Chalon, pwemye seksyon kominal Miragwànn.

Gwomoso ansanm ak Dyablay nan moman sa, ap reflechi dèyè bawo nan komisarya Miragwànn nan an atandan yo al devan jij natirèl yo.

Leave A Reply