Mèt André Michel mande pou entènasyonal la, mennen premye minis ex-defakto Ariel Henry retounen nan peyi li.

823

03 – 11 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pòt pawòt sektè demokratik e popilè (SDP) Mèt André Michel nan yon entèvyou li akode ak jounal Miami Herald, li mande kominote entènasyonal la pou asime responsabilite li pou mennen premye minis ex-defakto Ariel Henry retounen lakay li prese-prese.

Alye pouvwa ex-defakto Ariel HENRY a, André Michel deklare kriz la two dire, ki daprè li, doktè Ariel vwayaje nan non peyi a, depi plis pase yon semèn, li bloke, li pako kapab rantre nan peyi li.

Toutfwa, mèt André Michel kwè, se sèl yon fòs miltinasyonal la, li kwè ki kapab mete gang yon andewout, ki daprè li pa genyen lòt altènativ.

Comments are closed.