Enspektè Biwo Distri Grangwav ak Tigwav, Jean Mario Gibbs distribiye anviwon twa san 300 liv inik ak kaye bay plizyè direktè e pwofesè lekòl.

1,102

02-24-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Enspektè prensipal Biwo Distri Grangwav ak Tigwav la, Jean Mario Gibbs sou inityativ ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl, Nesmy Manigat, distribiye anviwon twa san 300 liv inik ak kaye bay direktè e pwofesè lekòl leta tankou prive yo nan Lise Fosten Soulouk Tigwav jounen mèkredi 21 fevriye 2023 a.

Selon enspektè biwo distri Grangwav ak Tigwav la, Jean Mario Gibbs, desizyon ministè edikasyon nasyonal la pran pou mete an sikilasyon zouti sa a, ki se liv inik lan, se nan lide pou dote elèv yo yon sèl ouvraj pou tout peyi a.

Kelkeswa yon elèv ki ta trouve li nan azoupoutou,yon elèv ki nan vil,depi premye ane pou rive nan 9ème ane fondamental dwe pote yon liv inik. “Menm ouvraj yo dwe genyen menm konesans”, li presize ke tout direktè lekòl leta tankou prive dwe koube yo anba nouvèl desizyon sa a, daprè sa enspektè Jean Mario di minis Manigat rapòte.

Pi lwen edikatè a, Jean Mario Gibbs deklare inityativ sa a, ki pran bò kote ministè a, se pral yon soulajman pou manman ak papa pitit ki selon li menm, pral achete pakèt liv byen chè chak ane bondye mete.

Nap raple, se mèkredi 8 fevriye 2023, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl la, Nesmy Manigat te pwosede ak lansman pwogram liv inik lan en prezans divès direktè depatmantal ak enspektè Biwo Distri eskolè yo sou tout etandi tèritwa peyi Dayiti.

JOICY Arnold

Comments are closed.