Afrontman sou Boulva Lasalenn la okazyone divès kay bwile e yon ti moun pran yon bal nan Delma

353

Pòtopwens____(TRiboLAND) Gwo afrontman deklentche apwè midi a ant 2 gwoup pwezime bandi ame ki te okipe zònn Boulva Lasalenn avèk Delma 2 jodi Dimanch 24 me 2020.

Selon yon sous otorize nan kapital la, bandi yo tap bay anpil van panik, detonasyon kou zam e achte zònn Delma 2 lajan konte e san enkyetid, dapwè plizye sitwoyen ki te oblije antre lakay yo. Konsa, divès kay bwile, divès moun blese anba bal pami yo ou jwenn yon ti fiyèt ki pran yon bal nan janm dapwè plizyè sitwayen.

Fas ak yon sitiyasyon cowboy san parèy, estasyon otobis Pòdpè, Akayè ak Gonaiv te konplètman pwi an notaj anba je swadizan otorite leta.

Comments are closed.