Fantom 509 simen yon lòt fwa ankò gwo van panik san zatann: yon moun arive mouri anba bal ak plizyè machin kankannen

197

02/05/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Manm sendika Fantom 509 yo te pran lari a san zatann jodi vandredi 5 fevriye 2021 an, patikilyèman nan blòk Delma. Yo simen anpil panik tankou jan sa toujou fèt nan pase pran ak ensandye machin leta yo. Plizyè magazen te oblije kouri fèmen pòt yo alòske nan moman polisye “SWAT TEAM” yo tap opera nan zòn Kanapevè yon sitwayen arive mouri anba bal.

Nan Delma 95, yon deblozaj te deklentche ant polisye Fantom 509 yo ak lòt antite kap mete lòd yo. Se pa 2 panik Fantom yo pa simaye devan komisarya Petyonvil la ki pat riposte.

Anpil gwo tire te bay moun latranblad ak tansyon kit e paralize trafik la. Fòs UDMO yo te oblije lanse gaz lakrimo yon fason pou te dispèse polisye yo. Yon bon valè machin ensandye anba fewosite “Zonbi” yo.

Comments are closed.