Pòtoprens lòk ak plizyè lòt zòn nan peyia, divès Polisye fwistre ak revòlte aprè bandi Savyen yo touye plizyè polisye ak pwofane kò yo.

230
0
Share:
TRiboLAND

01-26-2023 

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pòtoprens, Gonayiv e Senmak leve anba gwo tansyon jodi jedi 26 janvye 2023 aprè plizyè polisye tonbe yè mèkredi a anba bandi sangwen Savyen. Divès polisye foule beton an pou mande meyè kondisyon travay paske twòp frè yo tonbe anba zam group gang ke Wo Kòmandman PNH la mare sosis yo.  

Revòlt polisyè nan Épòt Entènasyonal Toussaint Louverture

Aprè yo te kòmanse sakaje kay PM defakto Ariel Henry a, divès kwen nan depatman Lwès la te bade ak barikad kawoutchou anflame ki tap boule. Polisye yo ak zam nan men mande pi bon mwayen pou trake bandi sans al yo, ki pa janm sispann met dlo nan jye yo. Lekòl te oblije kouri lage, mache fòmèl ak enfòmèl te deja pran plizyè lakilbit, anfen prèske tout aktivite te paralize.

Polisye yo ki te genyen bonèt yo chavire, te pran direksyon Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture. Yo te drese gro barikad kamyon kwaze an bandoulyè, ak difegwo dife. Nap raple PM lan ki pat nan peyia, ki apèn antre te bloke nan Èpòt la.

Yon sitiyasyon ki pa diferan nan Okap Ayisyen, Gonayiv ak nan Senmak, kote ke yon bon valè aktivite te anba lòk patikilyèman nan site Endepandans lan.

Nap soulinye, nan revandikasyon yo, polisye egzije Wo Etamajò PNH la yo akize ki nan konfyolo ak bandi, pou yo degaje yo rekipere kò polisye viktim nan komisarya Savyen an, nan espas 3 jou; sinon, yo yap atake Direksyon Jeneral la e al pran kadav yo ak fòs ponyèt yo jous nan Latibonit.

Share:

Leave a reply